Nan yon nòt pou laprès ki rive jwenn sal nouvèl radyo Montagna, mèkredi 5 jen 2024 la, Òganizasyon Konbit Ekolojis Sid (KES) denonse move pratik ki gen gwo konsekans nan Anviwonnman an k ap mete lavi anpandyòs nan Depatman Sid la anpatikilye, peyi a anjeneral nan lokasyon 5 jen an ki se jounen mondyal Anviwonnman.

 

Okay 5 jen 2024

Tèm pou lane 2024 la : « Tè nou yo se avni nou, nou se jenerasyon ki dwe chanje sa ». Se depi lane 1972, Òganizasyon Nasyon Zini tè lanse jounen sa a nan louvèti konferans Loni sou Anviwonnman Stockholm.

Not pou Laprès nan lokasyon jounen mondyal Anviwonnman

Mèkredi 5 jen 2024

Konbit Ekolojik Sid (KES) wete chapo l pou salye kouraj ak detèminasyon tout òganizasyon k ap milite, batay pou amelyore chak jou Kad Lavi a, jefò chak peyizan k ap goumen ak lavi san akonpayman Leta pou pèmèt latè pwodwi plis manje.

Se sou tèm « Tè nou yo se avni nou, nou se jenerasyon ki dwe chanje sa » Loni ap selebre jounen mondyal Anviwonnman pou lane 2024 la. Konbit Ekolojis Sid (KES) p ap sispann denonse tout move pratik ki gen move konsekans sou Kalite lavi, tankou bann ak pakèt izin san kontwòl ki tabli nan zòn kote moun abite, ponpe lafimen k ap anpwazonnen lè, degaje co2 ( diyosik kabòn) san konte plantasyon sovaj vetivè yo k ap dechose tè yo, kòkòwos tèt mòn  yo ki pwovoke ewozyon, diminye kapasite tè a pou pwodwi manje ak konsève dlo ak konplisite otorite Leta nan nivo lokal kou santral ki pa vle pran responsabilite yo.

KES konnen batay la pa fasil e li p ap janm fasil. Men nou pa janm kanpe nan batay sa, sinon se lavi pa nou, pitit nou ak pitit pitit nou yo ki pral menase pirèd pase jan sa ye la nan dènye jou sa yo.

Espas agrikòl yo pa sispann diminye chak jou pi plis. Venn tè ki ka bay manje yo ap ranbleye pou enplante ponp gazolin ak kay tandiske zòn sa yo tè yo ta dwe rezève pou fè lamanjay. Dwa pou moun jwenn manje pa lwen disparèt sou konsyans  biznis gwo potanta yo ki wè pwofi kòm sèl mwayen pou fè kòb tout fason.

Leta pa bay sektè peyizan okenn akonpayman. Anpil kote se otorite ak Leta menm k ap retire tè nan men Peyizan pou bay grannèg yo pou enplante zòn franch agrikòl. Sitiyasyon sa a lage Peyizan yo nan dezawa epi oblije yo fè presyon sou resous yo nan lide pou chache lavi koupe plis pyebwa pou fè chabon akote enplantasyon izin gwo nèg kou eksplwatasyon min k ap diminye kouvèti vejetal peyi a ak anpwazonnen sous dl oak rivyè yo.

KES ap egzije pou Leta pran responsabilite l nan mete pwogram rebwazman nan tèt mòn ak basen vèsan yo ki pral pèmèt plis dlo rantre nan tè, mete pepinyè nan seksyon Kominal yo pou òganizasyon Lokal yo kapab jwenn pyebwa pou plante.

Ogmante ak Ranfòse estrikti otorite lokal yo yon fason pou kontwole ak pwoteje resous nan respè dwa moun.

KES ap swete nou yon BON JOUNEN ANVIWONNMAN !

Pou otantifikasyon :

Gerard Marcelin

Wilson Pagenel

Ernst Michel Ange Lafond

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here