Plizyè dizèn peyizan ak miltan komemore jounen 6 desanm 2022 a nan Vil Okay 93 zyèm lane masak sòlda ameriken yo te fè sou plizyè milye peyizan ki te sot nan divès komin depatman Sid la 6 desanm 1929, pou te vin manifeste kont pil taks ki te sou pwodui yo ak pou mande louvri gildiv yo. Pou te bloke mouvman an, militè kriminèl etazinyen yo te louvri kout bal ak zam lagè sou yo, blese epi touye plizyè dizèn pwotestatè.
Okay mèkredi 7 desanm 2022.
Nan moman gouvènman defakto Ariel Henry a mande pou peyi etranje vin pile sòl peyi a, “Mouvman Peyizan San Tè” pa kite dat 6 desanm 1929 la pase san yo pa make 93 lane depi sòlda Ameriken yo te asasinen 22 Peyizan epi blese 51 lòt nan yon mach nan antre lwès vil la, Pont Laravin, zòn Machatè.
Nan memwa viktim yo, yon mès chante nan legliz katolik Saint Marie Madeleine (Sent Mari Madlèn) ki nan lokalite kwa mach atè a epi ekspoze plizyè danre peyizan yo.
Nan mikwo radyo Tele Montagna, manm “Mouvman Peyizan san Tè” yo di, nan moman kote gouvènman defakto a, kèk pati politik kou gwoup nan sosyete sivil la ap mande pou etranje vin pile sòl peyi a. Yo menm yo vle raple sitwayen yo malè pandye ki sou tèt peyizan yo, militan kou pati politik konsekan nan peyi a ak prezans yon kò militè etranje. Yo gen nan memwa egzaksyon okipan yo nan dat 6 desanm 1929 fè sou plizyè milye peyizan ki te soti nan divès komin depatman Sid la pou vin manifeste kont pil taks ki te sou pwodui yo ak pou mande louvri gildiv yo. Anreprezay ak mouvman sa a, militè kriminèl etazinyen yo te louvri kout bal ak zam lagè sou yo, blese epi touye plizyè dizèn pwotestatè.
Daprè Gardy Hyppolite ak Jean Gabart Jeudy, lokipasyon pa fè lòt bagay nan peyi a, se touye, vòlè, imilye ak dechèpiye resous peyi a. Yo kontinye pou di, ameriken yo koumanse ak lokipasyon nan lane 1915, kontinye feraye nan peyi a jouk jounen jodi. Pou rezon sa yo, “Mouvman Peyizan san Tè yo” di yo deja pare pou kanpe anfas lokipazyon fizik peyi a menm lè yo konnen se ak rimòt kontwòl reprezantan gwo peyi enperyalis yo nan “Core Groupe la” ap bay dirijan pase kou aktyèl yo dikte.
Pandan mouvman 1986 yo, militan yo nan komin Okay te dechouke tout kwa rejim diktati san manman Divalye a te plante pasi pala nan komin lan. Sa ki te pouse militan nan Mouvman Inite Pèp Okay (MIPAK) ak òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan te inogire nan dat 6 desann 1988 yon moniman ki raple masak sa a nan plas kwa rejim diktati a te mete a. Moniman sa a te prezante yon peyizan ak yon pikwa nan men l. Se te zèv atistik Jean René Jérôme ak Marie Mireille Perodin
Moniman senbolik sa a pa t ret lontan daprè militan yo. Nan lannwit 28 pou louvri 29 septanm 1989, sou rejim militè bout di jal Henry Namphy, sitwayen yo te konstate zak vandalis la. Kèk mwa apre zak sa a, sitwayen nan zòn lan te pran desizyon replante yon kwa ki la jouk jounen jodi.
Georges Jocelyn manm MIPAK ki reponn kesyon radyo Montagna panse fòk òganizasyon konsekan nan mouvman sosyal Ayisyen replase moniman sa a nan lye istorik la. Se yon fason pou sitwayen yo pa janm bliye masak sa a epi batay pou peyi a pa janm refè eksperyans sa ankò. Militan an fini pou l di nan moman kote koze lokipasyon ap klewonnen nan mas medya yo fòk pwogresis yo, sitwayen responsab yo kou pati politik marande kò yo pou peyi a reprann dwa grandèt majè l nan rive mete kanpe yon Tranzisyon Ripti ki dwe wete peyi a anba dominasyon ameriken ak oligachi domèstik la.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM