7 jou aprè animatè emisyon politik “Gran lakou” ak “Klòch la sonnen ” nan radyo Lebon FM, Gary Tesse fin kite lakay li 18 oktòb pase a, popilasyon an nan lokalite Foko , Komin Okay, jwenn yon kadav lendi 24 oktòb la, nan aswè nan yon move eta.

 

Okay, 25 oktòb 2022

Moun nan lokalite Foko zòn bakadè a, komin Okay, jwenn yon kadav nan aprèmidi, lendi 24 oktòb 2022 a. Madam viktim lan ki pale ak radyo Montagna, Ivana Despagne Tesse, konfime se mari l san bay twòp detay. Pou lòt moun ki konnen l se ta yon bag ki ret nan dwèt majè men dwat li ki pèmèt yo idantifye l.

 

Viktim lan te kite lakay li, Kavayon, madi 18 oktòb 2022 pase a pou l te vin anime yon emisyon politik ak lòt animatè yo nan Okay, bò 10zè nan maten, daprè madanm li ak konfrè li Charles Boyer.

 

Se depi samdi 22 oktòb la nan aswè bri lanmò Gary Tesse t ap kouri nan divès zòn komin lan. Lè se pa nan rak bwa nan Bèjo se bò OFATMA, bò Laravin, elatriye. Sa ki te pouse anpil sitwayen te predi nan wòtè 99 pousan, kriminèl yo egzekite animatè a.

 

Nan dènye jou sa yo, avoka Gary Tesse te nan gwo bouch louvri ak jal komisè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond ki te fè arete  l pou yon kesyon tè ki te deja regle depi plizyè mwa. Kenbe l nan gadavi pakè Okay la, konfrè avoka parèy li yo te pral jwenn konkou yon sibtiti ki te trete dosye a epi libere l san lòt fòm pwosè. Aprè liberasyon sa, komisè a te deklare se moun ki libere Tesse a k ap vin pran plas li a. Depi lè sa, viktim lan pa t janm manke lonje dwèt sou pil move zak chèf pakè a nan bat, touye moun, vòlè tè, vòlè pyès akonviksyon tankou revòlvè, – yon pawòl Ricardo Bain aka Tichito te di, enplike nan trafik sispèk san konte li gen bandi nan do l. Gary Tesse te mete lavi l sou kont komisè Richemond ki gen misyon pou fè mesye ame ak gwo zam fannfwa nan ekip li a asasinen l.

 

Daprè avoka fanmi lan, mèt Anthony Cyrion, madanm Tesse nan depozisyon l douvan polisye yo nan sèvis jistis enstitisyon Polis la, SDPJ, ale nan menm sans lan nan akize Komisè Richemond nan zak sila a.

 

Se pa premye ka asasinay ki pase nan depatman Sid la, vil Okay anpatikilye. Men se premye travayè laprès ki asasinen nan depatman Sid la pou opinyon l kont otorite anplas yo. Krim sa a vin lonje lis travayè laprès ki asasinen nan peyi a dènye mwa sa yo. Maten madi 25 oktòb 2022 a, moun ak zam yo pa idantifye blese ak bal jounalis jounal Nouvelis , Roberson Alphonse ak plizyè bal nan Dèlma 40B. Pou kounye a l ap pran swen ka l nesesite nan yon lopital.

 

Sal nouvèl radyo Montagna ap egzije limyè fèt sou zak asasinay sa a. Nou mande pou lapolis arete trennren bay lajisti pou jije epi kondane tout moun ki enplike nan zak lach sa a. Pa dakò ak opinyon yon moun pa bay l dwa ak yon lòt pou etenn souf li.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here