Nan yon nòt pou laprès, Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) denonse divès kontra sispèk Premye Minis defakto Alix Didier Fils – Aimé siyen ak fim transnasyonal yo pou koze sekirite ak jesyon enfrastritik pò ak Ayewopò nan peyi a kou pou bati prizon.
Dimanch 15 mas 2026
Nan nòt sa a ki pote siyati Guy NUMA ak Elisée Luckner Vil, Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) wè nan kontra sa yo aklè kilès ki mèt eskadwon lanmò yo nan peyi a.
MODEP di, gang yo se bra ame entènasyonal mafya a, Leta tchoul la ak boujwazi Kriminèl la. Nan nòt denonsyasyon sa a, MODEP rale divès travay tankou atik jounalis Evens Dubois nan dat 25 fevriye 2026 la pou di se pou 542 milyon dola vèt pou 10 lane ak posiblite pou li renouvle, PM/ Prezidan defakto a, Fils – Aimé siyen ak fim lan, mèkredi 4 fevriye 2026 pase a.
Kontra sa gen pou l wè ak kote sekirite peyi a, jesyon Pò, Ayewopò, Dwann, fwontyè peyi a ak eksplwate tout resous li yo ak Evergreen Trading System Limited » ki espesyalman lye ak Erik Prince.
Nan dat 15 desanm 2025, gouvènman Fils Aimé a siyen yon kontra ak sosyete anomim METRIC FACILITY S.A pou 50 lane pou konstui ak jere 3 prizon nan 3 depatman peyi a: Lwès, Sidès ak nan Nòdès. Dapre rapò Fondasyon Je Klere /FJKL mete deyò nan koumansman mwa mas 2026 la, travay sa a ap koute trezo piblik la 85.476.892 dola vèt.
Akote kontra sa yo ekri MODEP, gen lòt kontra PM defakto Alix Didier Fils Aimé siyen pou finanse Inivèsite prive Kiskeya ki gen Jacky Lumarque kavalye PM defakto a. Selon rapò FJKL la, Inivèsite Kiskeya benefisye 150 milyon goud nan men PM nan ki soti nan kès Leta epi se menm Jacky Lumarque sa ankò li bay Ministè Edikasyon Nasyonal nan separasyon gato pouvwa a.
MODEP kesyone tèt li sou diferan kontra sa yo epi raple nan lane 2015, Didier Fils Aimé ak Jacky Lumarque te kandida sou menm platfòm politik kise Verite.
« Pandan leta tyoul la ap livre teritwa bay gang yo, menm leta tyoul sa a ap livre richès nou yo bay gwo konpayi transnasyonal yo. Kidonk, leta gang nan ap prepare teren an pou entènasyonal mafya a ak konpayi transnasyonal li yo fè tiyon. Sa dwe fè nou konprann tou rezon ki fè Depatman Deta Ameriken enpoze peyi a PM defakto revoke Alix Didier Fils Aimé nan tèt leta a. »
Pou yo menm nan MODEP, Pak Nasyonal PM Fils Aimé siyen ak divès lòt machann peyi apre depa KPT tchoul la, enskri nan menm kontinite desizyon ansyen prezidan Rene Preval te pran pou deklare anba lavil la Ditilite Piblik ki te koumasman pwojè kriminel sa a. Se menm pwojè kraze kay bodmè Okap sou Mateli ak anba lavil Pòtoprens ak konkou notè ansyen PM Henry Ceant, ki se youn nan pi gwo notè Leta mafya a daprè yo.
Pou koze kesyon reyaktive Sant Nasyonal Dezameman an ak CNDDR la, MODEP pran l Kòm yon fason pou Leta negosye ak chèf gang yo pou mande yo depoze zam. Konsa, y ap ka remèt kèk zam wouye epi kenbe bon zam yo jan yo te fè sa sou Preval.
Pou MODEP, yo ka toujou elimine kèk gwo grenn sòlda epi negosye ak sèten lòt chèf yon pa epi òganize yon eleksyon pike kole pou yo mete yon prezidan eli ki anba kontwòl yo pou kontinye menm politik livrezon richès peyi a yon lòt pa.
MODEP fini pou l di se pou sitwayen konsyan yo kanpe pou bare pwojè makawon sa yo. Gwo popilasyon an dwe kale je l epi fòs pwogresis yo dwe mete yo ansanm.
Max – Imbert Marcelin / Maks – Enmbèr Marslen
RTM
















