Dega pasaj ale- vin siklòn « Melissa » sou peyi depi plis pase 6 jou lakòz plis pase 24 moun pèdi lavi yo pami yo 10 minè dapre premye chif yo. Epi alèt yo kenbe sou twaka Depatman yo.
Okay jedi 30 oktòb 2025
Nan depatman Nip, Grandans, Sidès , yon pati nan Lwès peyi a, flè pisan siklòn Melisa a, depi jedi 23 oktòb 2025 pase te pouse otorite lokal yo nan plizyè Depatman te lanse apèl ak pridans kou Pwoteksyon Sivil nasyonal te dekrete diferan nivo alèt soti koulè vèt pou rive koulè wouj ki jouk mèkredi 29 oktòb 2025 lan pa te ko leve vin jwenn tan an te rete toujou sonm epi lapli a te toujou ap tonbe.
Nan nuit madi 28 pou leve mèkredi 29 oktòb 2025 lan, nan Tigwàv, Depatman Lwès peyi a, sitiyasyon te di ak debòdman rivyè Ladig. Premye chif yo bay 20 moun mouri ladan yon dizèn timoun, plizyè kay efondre, kay inonde nan 2zyèm seksyon Komin Tigwav, san konte plizyè lòt ki disparèt.

Nan Depatman Sidès, antre vil Jakmèl, debòdman rivyè Goslin wout Lamityè a, lokalite Basen Kayiman yon pati nan twonson an vide nan dlo a sa ki ap paralize sikilasyon an nan zòn sa pou plizyè mwa si Ministè Travay Piblik Transpò ak Kominikasyon pa fè yon dilijans.

Nan Depatman Grandans ak Sid sitiyasyon an pa depaman. Nan zòn lakòt Sid la: Koto, Chadonyè rivyè yo ki desann fè gwo dega daprè enfòmasyon yo ki devaste jaden pwa kongo, yanm, anvayi plizyè kominote elatriye. Rivyè larivin nan komin Okay pote ale 2 jenn gason, anpil jaden anba dlo, pye bannann pye veritab tonbe ak plizyè kay inonde kou nan komin Kanperen.Nan komin Kavayon menm, peyizan yo nan plizyè lokalite te apèn ak respire anba gwo laplis dènye wikenn mwa septanm 2025 pase a refrape pi rèd anba move tan fen mwa oktòb 2025 sa. Erèzman pa gen moun ki mouri kou disparèt.
Si lòt komin yo pa te gen twòp enfòmasyon sou abri pwovizwa pou deplase yo, nan Okay otorite nan lakomin kou selil ijans lan te kanalize deplase yo nan plizyè abri pwovizwa kote sitwayen yo pa te sispann denonse kalvè yo nan abri sa yo. Se ka lekòl nasyonal EFAKAP Michel Lazar, lekòl nasyonal Jean Mary Ulysse, Lise Filip Gèrye, Lise Jean Claude Museau. Nan dènye abri sa si nou kwè enfòmasyon yo, li gen plis pase 140 sinistre ki okipe 7 sal klas.
Selon temwayj kèk vikttim nan mikwo radyo Montagna, yo plenyen yo pa jwenn asistans nesesè. Yo pa jwenn yon plat manje ni dlo pou yo bwè. Yo pa te manke denonse kèk presanti kandida pou pwochen eleksyon yo ki te pwofite moman an pou te vin rankontre yo san pote kichòy pou yo.
Se pa konnen zotobre isit pa konnen peyi a sou wout siklòn epi li vin pi vilnerab pa rapò ak dezòd klimatik la men kote pou abrite sitwayen yo pa janm prepare pou moman difisil sa yo jan sa ta dwe fèt.
Kanal, rigòl yo pa netwaye, rivyè yo menm tounen depotwa sovaj ap tann gwo lapli pou degòje yo epi mete lavi andanje. Si otorite yo kwaze bwa yo men aprè pasaj move tan sa yo, selil ijans yo aktif nan Kontwole viktim epi pare pou dekrete etadijans.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM
 
            