Lula Da Silva soti gayan nan dezyèm (2e) tou eleksyon pou pòs prezidan ki fèt nan peyi Brezil jounen dimanch 30 oktòb 2022 a fas ak aktyèl prezidan an, Jair Bolsonaro ak yon eskò 50.90 % kont 49.10 % apre depouyman 99.99 % bilten yo. Eleksyon sa yo soti nan yon kanpay gason pa kanpe ant lidè lagoch brezilyen an ak prezidan ladwat la anpil moun konsidere kòm yon fachis ki gen ti jwèt non li « le Trump de l’Amérique Latine ». Pou kounye je anpil moun fokis sou aktyèl prezidan pou yo ki kapab konteste rezilta final yo jan li te anonse sa.

Okay, 30 oktòb 2022

Pandan tout je brake sou prezidan sòtan brezilyen an, Jair Bolsonaro ki te deklare li pap rekonèt rezilta eleksyon yo si tout fwa li ta pèdi nan kous pou pòs prezidan an, Tribinal Siperyè Elektoral (TSE) nan peyi Brezil deklare, Luiz Inácio Lula Da Silva, eli pou yon  twazyèm (3e) fwa  prezidan peyi Brezil ak yon eskò 50.90 % kont 49.10 % fas ak Jair Bolsonaro, prezidan sòtan an ki sòti nan esktrèm dwat la.  Se 156 milyon moun ki te mobilize pou vote nan eleksyon yo e se premye fwa prezidan k ap soti sou pouvwa a pa rive reeli nan eleksyon prezidansyèl yo.

 

 

Anpil vwa te leve nan peyi Brezil pou denonse politik prezidan Bolsonaro t ap aplike tankou : anpil atak ki fèt sou forè Amazoni an pou fè plas ak agrikilti endistriyèl, move jesyon kriz sanitè a ki lakòz anpil moun mouri nan peyi a, ensekirite a ki vale teren , plis moun ki vin pi pòv pou n site sa yo sèlman. Anplis pandan rèy Bolsonaro a yon peyi tankou Lèzetazini te gen anpil enflyans sou politik la.

 

Lula sou kote pa l te deja prezidan pandan 2 fwa (2003 ak 2011), yo te pral akize l kòm moun ki te nan koripsyon pou yon koze kontra ak kèk antrepriz pandan li sou pouvwa. Li te pral pase yon lane nan prizon (2018-2019) . Lajistis nan peyi a te pral deklare li inosan. Rezon sa yo te pral lakòz yo destitiye Dilma Rousseff nan dat 32 dawou 2016 nan tèt peyi Brezil . Yon gwo kou pou lagoch la nan peyi a ak nan Amerik Latin an.

 

Eleksyon Lula nan tèt Brezil se yon viktwa pou lagoch nan peyi a ak nan Amerik Latin nan ki gen plizyè prezidan pwogresis tankou : Kolonbi, Chili, Bolivi, Venezuela pou site sa yo sèlman.

 

Foto:AFP

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here