Liberasyon san 2 fòm pose sitwayen Alexis Anthony, vandredi 26 septanm 2025 pase a sou akizasyon « atteinte à la pudeur » leve plim sou do UFADESCH, daprè yon nòt, òganizasyon dwa moun lan pataje ak sal nouvèl Radyo Montagna a.
Okay, dimanch 28 septanm 2025
Nan yon deklarasyon Kòdonatè òganizasyon dwa moun lan, Jean Bénissel Bélas fè nou jwenn, denonse liberasyon sitwayen Fransè a ki te fèmen nan gadavi komisarya Okay la pou debòch sekyèl ak avilisman sou plis pase 15 jenn fanm nan Komin Ilavach.
« Atteinte à la Pudeur » se enfraksyon sa Alexis Anthony te komèt nan zile Ilavach lè l pran plezi l kouche plizyè jenn fanm epi pran imaj yo pou li al vann nan monte fim porno daprè enfòmasyon UFADESCH. Aksyon sa yo selon nòt la, touche entegrite ak lonè medam yo kote tout moun ka lonje dwèt sou yo nan lari.
San lonje dwèt sou otorite ki alabaz liberasyon sispèk sa, UFADESH di, malgre gwo lapli ki inonde anpil ri nan Okay, vandredi 26 septanm 2025 lan sa pa te anpeche otorite sa yo libere sitwayen Fransè sa aprè plis pase 8 jou dèyè bawo. UFADESCH di liberasyon sa a bay kè sote. Li enkyè pou se pa lisans san kondisyon yo bay etranje sa a kou lòt pou kontinye livre yo nan pratik eksplwatasyon seksyèl sa a sou zile a nan moman kote move lavi ap taye banda l nan peyi a pouse jenn fanm kou gason asepte fè sa yo pa t ap janm asepte fè.
Nou ap raple, nan divès videyo nou gen, nou konstate, sitwayen Fransè a, Alexis Anthony te nan relasyon seksyèl ak plisyè jenn fanm ki swa te ak kagoul nan tèt yo oubyen ak vizaj dekouvri. Epi te gen yon jenn gason k ap filme sèn lan. Deyò, sanble te gen lòt ki t ap anrejistre yo tout nan chanm kay la yon fason anplis pou avili viktim yo.
Kri medam yo montre se plis yon sakrifis olye yon plezi nan fason delenkan an t ap fonksyone ak yo.
48 èdtan aprè liberasyon sispèk sa, òganizasyon fanm nan rejyon an fè blakawout kou DDS – Ministè kondisyon fanm lan, Claire Yves – Rose Élysée ki pa reponn ak diferan apèl kou mesaj watsap nou ekri l.
UFADESH mande pou lajistis ak Lapolis mete bon jan kontwòl pou anpeche sitwayen fransè a pa kite tèritwa nasyonal la.
Gen maladi. Epi sanble aks seksyèl sa yo te fèt san pwoteksyon. Li ta bon pou tout medam sa yo ta idantifye epi al fè tout kalite tès medikal pou sètifye yo pa kontamine ak yon maladi moun ka pran nan fè bagay.
Ensekirite a pran tout fòm nan peyi a. Men lè otorite pou lajan ap libere akize yo montre enpinite a anrasine nan enstitisyon yo. Lotè yo dwe peye.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM