Ayiti- Pwotestasyon : Lari kapital la cho kou yon vè lanp.

 Mwatye jounen mèkredi 13 jiyè 2022 a, kapital peyi a, Pòtoprens boulvèse ak yon mouvman vip vap sitwayen yo kont ensekirite, kont monte gaz la ak pou mande Leta alimante ponp gaz yo.

Okay, 13 jiyè 2022

Radyo Montagna konstate divès zòn tankou Kanapevè , Lali, Dèlma , wout Ayewopò… gen anpil kawoutchou k ap boule. Sitiyasyon sa a vin rann transpò a plis paralize toujou. Sitwayen yo pou ale nan yon pwen ak yon lòt pran wout yo apye. Yon lòt kote nou obseve gen plizye machin ak plak Sèvis Leta (SE) plak ofisyèl (OF), k ap chache wout pou evite zòn tansyon yo. Anpil nan yo ak gwo zam pwente deyo.

Depi semenn nan kantite machin transpò piblik yo redwi akòz kondiktè yo pa jwenn gaz pou yo woule. Machandiz sa a ap vann disèt wotè atè, 1250 a 1500 goud galon sa ki lakòz pri kous yo vin pi wo pa rapò ak pri nòmal yo mete gwo bouch louvri ant pasajè ak chofè.

Nan dènye mwa sa yo, pwoblèm pa gen gaz nan ponp yo pa sispan repete vin ajoute sou pil lòt madoulè pwoblèm: kidnaping, lavichè ak grangou k ap pote lavi sitwayen yo ale. Kòm se gwo popilasyon an k ap kontinye viktim, se li ki pou anpeche otorite yo dòmi sou lorye yo nan fòse yo pran responsablite yo.

 

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here