Nan konfèrans bilan mwa  mas lPNH/Sid la bay jodi vandredi 14 avril 2023 a, kote radyo Montagna te prezan, fè eta 208 moun ajan lòd yo arete ak manda kou anflagrandeli nan Depatman Sid la.

 

Okay, vandredi 14 avril 2023

143 moun arete anflagrandeli, 66 lòt sou manda, se kantite moun sa yo Lapolis nan Sid arete. Komin okay la, li menm sèl gen 134 ka selon pòt pawòl Lapolis la, Enspektè Yves – Lesage Pierre.

Nan bilan pil sèvis yo genyen sikilasyon, SDPJ ak Brigad Pwoteksyon Minè , Lapolis anrejistre 10 kas aksidan ki te lakòz 3 moun mouri epi 8 lòt blese. Sèvis SDPJ bò kote pa l te resevwa 116 plent. Li trete 97, li fè 6 entèvansyon epi transfere 33 moun douvan jij yo. Sèvis Brigad pou Pwoteksyon Minè (BPM) li menm anrejistre 8 ka vyòl, yon tantativ vyòl ak 8 ka agresyon seksyèl . Twaka vyòl sa yo fèt sou timoun ki gen ant laj 12 pou rive 14 lane epi se moun ki gen ant 28 pou rive 41 lane ki lotè yo. Nan komin Okay la, senpleman gen 4 sou 8 ka yo. Pou lòt enfraksyon yo menm, lapolis arete 24 moun pou vòl senp ladan yo 2 te fèt ak zam nan men.

Daprè chif ki disponib yo, mwa mas sa a Lapolis arete plis moun parapò ak mwa dènye a kote te gen 96 arestasyon.

N ap raple se mwa tou kote bandi ame touye 3 moun aprè yo fin dechèpiye yo: yon kanbiz, Orilio Chéry bò Jèt la, sant vil Okay ak yon tikomèsan, Lony Trantituis nan antre CAC, lokalite Chapantye,san konte Tarthe Murat yon komèsan kite mouri anba bal sou Boulva 4 Chemen.  Responsab lapolis yo pa di si gen ankèt ak nan ki nivo sa ye.

Pou jan sitiyasyon sitwayen yo ap pi mangonmen chak jou nan peyi a se posiblite pou kantite lòt tonbe nan move zafè. Si kondisyon lavi yo pa amelyore chif sa yo pral ògmante nan tout vil peyi a vin jwenn Leta p ap travay pou chanje sitiyasyon an.

 

Max Imbert Marcelin Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here