Francky Pierre Louis, Joseph Jhonny aka Jn- Marc , Jn- Varnel Figaro ak Dieulet Clervil se non 4 jenn gason Lapolis akize, samdi swa pou louvri dimanch 26 novanm 2023 ki te pral boule mache « Le Relais » a oubyen Kwa Bosal ki nan ri Jeneral Maryon an, nan vil Okay.

Okay lendi 27 novanm 2023

Daprè yon sous nan Lapolis ki enfòme radyo Montagna , yo arete 4 jenn gason sa yo pou asosyasyon malfèktè ak tantativ ensandi. Nan moman arestasyon an, yo te gentan jete tout sa ki te sou yo. Men nan entèwogasyon an, youn nan yo avwe li pa t konnen si misyon an te pou ensandye mache Le Relais Okay.

Kontakte Lameri, responsab la di li tande sa tou men l ap tann li gen plis enfòmasyon pou l reyaji. Tanka pou sekirite mache a, yo pral gen yon je plis louvri sou sa. Li swete Lapolis ak Pakè jiridiksyon Okay ap kontinye mennen ankèt la pou rive arete epi trenmen douvan tribinal tout moun ki enplike nan dosye sila.

Nou ap raple prezidan Komisyon Minisipal Okay la, Claire Daphné France, madi 21 novanm 2023 pase a, enstale Yvens Meristil kòm Direktè mache Relè Okay la nan plas Patrick Clervil ki transfere nan kò ame polis Minisipal la. Ansyen Direktè a ki sot pase 9 lane nan tèt mache a jwenn transfè sa paske li pa t reponn ak envitasyon Majistra defakto yo ki te vle gen plis enfòmasyon sou fonksyonman mache a.

Se pa premye fwa mache boule nan komin lan men se premye tantativ Kriminèl lapolis anrejistre nan sans sa.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here