Okay- Ayiti/ Ensekirite -. Lapolis arete youn nan 2 bandi ki ta enplike nan touye yon sitwayen epi blese yon lòt nan premye gran ri Okay la, bò kapital bank lan, jodi madi 24 me 2022 a, bò midi a.

Daprè premye enfòmasyon yo, Viktim lan se yon enjenyè. Li rele Jean Marie Sylvestre se moun Pòsali.Zak sila komèt aprè yo te sot fè yon tranzaksyon nan yon bank nan vil la lè bandi yo ki te sou moto louvri kout zam kote jenn gason an resevwa bal la nan tèt, fi a li menm blese al pran swen ka l nesesite nan yon lopital nan vil.

Nan dènye jou sa yo, zak brakaj, zak kriminèl pa sispann repete toupatou nan vil la, lajounen kou lannwit nan komin Okay la. Malgre sitwayen yo wè Lapolis ap fè fouyi kou pakè jiridiksyon Okay la pa sispann klewonnen yo gen kontwòl komin lan sanble sa a pa dekouraje bandi yo nan egzaksyon yo.

Viktim nan mouri kite 2 pitit .

Maks- Enmbèr Marslen (foto gwoup Watsap)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here