Lapolis Aken arete byen bonè maten an Jeudilon Massier, yon prezime bandi ki fè pati G9 ak tout madanm ki t ap sove kite kapital la, kontrèman ak enfòmasyon ki fè kwè se frè chef gank Timakak!

 

Aken, 25 avril 2023

Aprè Komisè Aken an fin tande prezime assasen Jeudilon Massier ak konpay li, Magnola Joseph bò 2zè nan apremidi jounen madi 25 avril la nan pakè Aken an, komisè a transfere yo bay SDPJ pou swit ankèt la.

 

Arestasyon sa a fèt byen bonè maten madi 25 avril 2023 a , bò 4trè nan maten konsa pou nou pi klè, nan vil Aken zòn Mawo daprè Komisè Gouvènman jiridiksyon Aken an ,Wilson Jean, ki t ap reponn kesyon jounalis. Se inite UDMO ak pakè Aken an , nan yon tchèk woutin ki mete men sou yo.

 

Yo te abò yon bis ki t ap antre nan Depatman Grandans peyi a, Jeremi Kote yo pral tabli baz yo nan Mowon. Se youn nan manm enfliyan G9 la.

 

Komisè a pa di Kisa l jwenn nan men yo nan moman arestasyon an.  Kounye a , prezime kriminèl yo nan prizon sivil Okay kote sèvis lajistis nan PNH- Sid la pral kontinye kesyone yo.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here