5 mwa apre ULCC te fin prezante plis pase 10 rapò ankèt sou plizyè ajan piblik pami yo Aviol Fleurant, Jij enstriksyon Loubens Élysée lanse yon manda rale mennen vini lendi 17 fevriye 2025 lan, kont ansyen Minis defakto Planifikasyon ak Koperasyon an, avoka Ariol Fleurant.
Okay, 18 fevriye 2025
Nan rapò ankèt sa ki te prezante nan dat 4 septanm 2024 pase, Inite Lit kont Koripsyon te dekouvri ansyen Minis defakto Planifikasyon an te bay manti lè l te deklare sa l pwosede epi se 400 mil goud li konn antre chak mwa epoutan anketè yo jwenn ansyen mèt avoka legliz katolik la gen 75 milyon 207 mil 339 goud , pil bijou valè san konte anpil lòt byen li pa ka pwouve Kouman li genyen yo. Li te antre nan Ministè a nan mwa mas 2016 li kite nan dat desanm 2018. Pou rezon sa yo, ULCC te mande pou Pakè Pòtoprens mete Aksyon piblik an mouvman kont ansyen Minis Fleurant avèk lòt fonksyonè enkilpe yo, plis 14 diplomat. Èske tout ap gen menm tretman?
Se sou demand konfrè jounalis Rudy Thomas Sanon, pandan li te nan emisyon politik « Kisa nou vle » sou radyo Ibo, te lanse yon petisyon kèk jou aprè ansyen minis Fleurant te voye yon papye tenbre bay jounalis la nan dat 24 novanm 2023 epi ba l 3 jou pou l vin demanti tèt li Kòmkwa li ap denigre l. Olye se sa ki fèt , 4 jou aprè, swa 28 novanm menm lane a, Rudy Sanon lanse yon petisyon kote li te jwenn 5122 siyati nan yon ti tan tou kout epi pote plent douvan enstans k ap batay kont koripsyon an pou egzije yon ankèt sou jesyon ansyen Minis lan.
Koumansman mwa jen 2024, prezime kriminèl ekonomik lan te pase plis pase 6zèd ap reponn kesyon anketè yo ki te pral soti yon rapò solid sou enplikasyon prezime ansyen kandida pou pòs Prezidan sou banyè « Yon lòt Ayiti » a nan koripsyon.
Nan dènye jou sa yo, sanble lajistis ta vle souke kò l nan fè suivi ak pil dosye ULCC yo. Se konsa, plizyè fonksyonè nan mawon oubyen lòt responsab ap reflechi dèyè 4 miray pou enplikasyon yo nan fè wout kwochi ak lajan taks malere yo. Anpil moun ap jofre kilè lòt jij ava ame yo nan rele tout lòt ansyen diyitè non yo ap site nan dilapide lajan PetwoKaribe a kou lajan CIRH la.
Depi 2004, ULCC deja pwodui 94 rapò pou yon sèl grenn kondanasyon. Yon eskandal!
Se pa premye fwa lajistis ap jouke kèk gwo pwason. Men se menm sistèm jistis la ki pral chache yon lòt atifis pou libere enkilpe yo swa pou kòz maladi oubyen lòt. Arete, jije, kondane dechèpiyè se youn men se sezi byen yo k ap veritab jistis la.
Max – Imbert Marcelin (Maks -Enmbèr Marslen)
RTM