Nan yon mesaj Polis Nasyonal la poste sou kont Facebook li, eksprime doulè yo apre lanmò 3 polisye nan yon swadizan operasyon nan zòn Fesa nan laboul 12 ayè madi 13 septanm 2022 a, nan baz gang Ti Makak ensikoni ap dirije. Otorite Lapolis yon anonse ouvèti yon ankèt pou konnen nan ki sikonstans polisye yo mouri.

 

Okay, 14 septanm 2022

Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti  kondane ak tout fòs li lanmò trajik twa (3) polisye, madi 13 septanm 2022 a nan Laboul 12 dapre sa nou li nan yon nòt ki poste sou paj facebook Enstitisyon an.

Responsab lapolis yo endekse chèf gang Laboul 12 la, Ti Makak ensikoni ki kèk èd tan apre krim lan te revandike zak malonèt sa a.  Yo anonse yon ankèt deja louvri pou fè limyè sou denye fòfè sa a gwoup gang lan komèt la. Menm kò polisye sa yo rete nan men bandi yo ki imilye yo epi pibliye videyo a sou rezososyal. Yon krim repiyan ki raple masak bandi vilaj Dedye yo te fè sou yon gwoup polisye pami yo plizyè polisye nan inite Swat Team.

Pou rapèl gang timakak ki nan Laboul 12 gen plis pase yon lane ap opere nan zòn nan.  Plizyè moun deja viktim tankou: Enspektè polis Dan Jerry Toussaint, pitit ansyen Senatè Dany Toussaint, gang sila a te asasinen, premye janvye 2022 pase a nan kad yon operasyon pou te deloje bandi sa yo nan zòn nan; 6 janvye 2022, bandi k ap opera nan Laboul 12 asasinen Wilguens Louissaint et Amady John Wesley 2 jounalis pandan yo te pral fè yon repòtaj sou lanmò Enspektè polis Dan Jerry Toussaint ; 8 fevrye 2022 vè 8 tè nan aswè moun ak zam simen kout bal nan kafou Laboul 12 , yon moun mouri ak plizyè lòt blese , menm lokal sou komisarya a te touche ak bal; 5 me 2022 bandi ak zam kidnape 2 moun pami yo Benetty Augustin, yon pedyat nan kafou Taraz; nan lannwit 19 pou rive 20 jiyè 2022 a nan batay ant Gwoup Fesa ak gang Ti Makak pou teritwa, 6 moun mouri pou pipiti pami yo yon fanm; doub asasinay samdi 6 dawou 2022 sou Yvon Buissereth ak pwòch li, Ronald Momplaisir ki t ap pran direksyon depatman Sid. Apre yo te fin tire yo, bandi kole dife nan machin nan ak tout kadav mesye yo. San konte mwa pase a nan yon atak nan direksyon sou komsaria Tomasen 25 la yo te touye yon chofè moto ak boule yon machin lapolis. http://radiotelemontagna.com/ayiti-taraz-denye-grenn-klou-pou-kloure-potoprens-nan-sekey-la

 

Anpil vwa nan sosyete a leve pou denonse Vladimir Paraison, yon gwo kad nan lapolis la ki ta itilize yon gwoup polisye pou al konbat gwoup bandi sa a ki nan yon konfli teryen ak pwopryetè Bòlèt Mensatto Petit alyas “Toto Bòlèt” nan do direksyon polis la ki ta lakòz polisye sa yo pèdi lavi yo.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here