Kou Bliye Elèktoral “Core-Gwoup/Jomo” 2016 La, Pote Mak Sonje Pou Pèp La.

Depi apre ameriken yo debake an 1915, Etazini pran kontwòl enstitisyon peyi dAyiti pou l kouperache jan l vle. San pèdi tan, li amenaje sistèm sosyo-politik la pou ranfòse dominasyon l sou peyi a nan tout domèn. Sou plan ekonomik, se yo ki defini liy makro-ekonomi Ayiti, deside sa k dwe ak sa k padwe pwodui nan peyi a selon enterè mache Etazini, chwazi ki gwoug moun nan sosyete a ki dwe kontwole Ekonomi ak Finans peyi dAyiti. Sou plan politik, se Etazini ki nome moun nan pòs enpòtan yo anndan peyi a, e yo kontwole kijan fèy dewout moun yo gen pou egzekite  a rèspekte. Aristid ki te fè eksepsyon nan règ la, te pran koudeta sanglan apre

sèlman 7 mwa sou pouvwa a. Se nan liy ide sa, an 2016 malgre vijilans pèp la ki  te sou beton an, “Core-Gwoup ” pèmèt li enpoze Jovnèl kòm Prezidan nan je tout moun palafòs. Konsa, batay la pral pran yon lòt dimansyon, ki pèmèt pèp  la dekouvri kouman anba pawòl demokrasi Core-Gwoup ap preche a, pagen plis  pase ipokrizi ak awogans. Donk, pèp la di tèt li se limenm ki dwe chwazi pwòp chimen liberasyon peyi l. Se pou tèt sa, Jovnèl mouri, Core-Gwoup ak mèt neyokoloni an trouve yo devan gwo dilèm, pou rale peyi a sou teren tradisyonèl la, kote yo toujou voye moun nan eleksyon pou rezoud tout bagay. Machin nan fware anfas pèp la, enperyalis la bloke nan yon kafou kote l dwe chwazi ant pase sou kadav mas pèp ki nan mobilizasyon an, osnon trouve yon zèl kat konpwomi pou fè tan pase.  Pou ki dire?

 

Jeneralman nan yon nwayo familyal, paran yo toujou bezwen otorite pou dirije. Se pou sa, lè yon papa oswa yon manman, oblije itilize lafòs toutan pou l fè reye lòd, li pèdi otorite l sou timoun yo. Donk, otorite se yon pouvwa moral ke w genyen sou yon moun, pou konvenk li san itilize lafòs brital. Ositou, ameriken ki t ap fè nome tout dirijan ayisyen pandan plis pase yon syèk, te benefisye yon pouvwa moral, paske nan yon sèten moman, sa tekonn pase tankou yon fè nòmal. Anpil kandida te apwiye sou lòbi nan Wachintonn pou vize Palè Nasyonal. Konsa, anpil ameriken te konn ranmase lajan, pou bay politisyen ayisyen relasyon ak kontak moun nan Kongrè osnon nan Depatmandeta. Dominasyon ameriken an te total e kontestasyon yo te ra, menmsi te gen pwogresis ki te toujou ajite l, medya tradisyonèl k ap travay pou sistèm nan, te fè jefò pou toufe l. Akote anpil rezon, tankou anviwònman entènasyonal la kote tout pèp yo ap leve kanpe kont kolonyalis toupatou, pou èksplike nouvo dinamik ayisyen kont dominasyon ameriken yo,  li enpòtan  pou n siyale èksperyans pèp  la ranmase, nan mobilizasyon ki te fèt kont rezilta eleksyon 2016 yo, ki jayi gwo limyè sou entansyon reyèl peyi ki nan Core-Gwoup yo.  Pèp la rive konprann enterè peyi dAyiti p ap fè menm chimen ak vizyon politik ak ekonomik peyi ki nan Core-Gwoup la, donk gen nesesite pou chavire sistèm nan, yon sistèm feyodal ak neyokolonyal ki plase peyi a anba dominasyon etranje ak yon oligachi aryere, ki bliye bezwen debaz peyi a. Tout mezi ekonomik ki pran nan Leta neyokolonyal la, dwe satisfè enterè etranje, pou ogmante chomaj nan do pèp la, pandan tout mezi sosyal yo anile.  Pèp la fas omi kote  l pa wè ni devan ni dèyè, li rantre  nan yon batay k ap pran manm chak jou, pandan solisyon tradisyonèl yo gen plis difikilte pou yo enpoze tèt yo sou sèn politik la.

 

Kidonk, blokaj Core-Gwoup ak mèt neyokoloni an genyen, pou mete kap sou eleksyon kòm solisyon paspatou pou rezoud kriz la, soti difèt yo te chwazi meprize tout règ elemantè, pou te enpoze Jovnèl bay peyi a. Yo te rantre nan dlo a san kache lonbrit, pèp la wè e l konprann zafè eleksyon sa, se maskarad kolonyalis pou plase jiwèt domèstik sou pouvwa, pou regle zafè pa yo. Yo te mete e griye anmenmtan, tout ajan ki te sou teren an nan balans lan: moun ki te nan dwamoun, nan ONG ak lòt enstitisyon tankou LOEA ak Nasyonzini. Konsa, anpil nan yo nan moman, pa menm jwenn envitasyon nan radyo pou lanse charabya pro-enperyalis yo. Chat pran lang yo, pandan revandikasyon kotidyen pèp la ap vale teren pou kontinye mete plan neyoliberal la toutouni.

Jodi a, enperyalis la ak ajan l genyen nan Loni sonje panse detere Fòs Lame dAyiti, nan kwè ke Gang Milis PHTK yo ka ranplase FADH. Y ap tante bay Gang yo yon lòt dimansyon ak lòt wòl politik, lè Depatmandeta ak Goutyerès di Gang popilè, pou mete yo kòm aktè politik ki dwe jwe wòl gran elektè nan batay elektoral yo tankou FADH tekonn fè l la, pou ba mèt neyokoloni an posiblite bloke elan popilè a. Sepandan, si pwogresis yo kontinye òganize yo nan mitan mas popilè yo, pou ride yo dekòtike atitid pèvè Core-Gwoup ak mèt neyokoloni an, mobilizasyon manch long lan pral pran lòt vitès pou kapote sistèm dominasyon kolonyalis la, pou libere peyi a.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè (No45). –

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 3 oktòb 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here