Okay-. Jistis- Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (KSPJ) deside mete mèt Merlan Belabre nan kanpe lwen.
Prèske yon mwa aprè jij Merlan Belabre te fin lave yon direktè lekòl Delmas 30 pou akizasyon vyòl sou yon timinè 14 lane, Konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ an franse) mete jij Belabre sou sanksyon nan yon lèt ki date 17 Janvye 2025 lan.
Konsèy la mande l fè yon ti kanpe lwen nan sak gen pou wè ak Lalwa pou yon dire 3mwa. Desizyon sa vini aprè yon plent yo resevwa kont jij la.
Facebook Comments