Konsansis Fèt Nan Pouvwa Wachintonn Pou Lage Ayiti Nan Tchouboum.

Nan antouraj politisyen Ayisyen tradisyonèl yo, gen yon tandans ki  pouse yo antre nan jwèt koken ki fè kwè gen gwo goumen ant swadizan 2 kan politik Repibliken ak Demokrat nan peyi Etazini. Poutan, mesyedam badèkoken (mètdam) ameriken yo, monte fim nan yon jan pou Etazini toujou fè dekabès sou richès peyi depandan yo. Konsa, Tonton makout ak moun ki fè pati oligachi feyodal la an Ayiti, kole kò yo sou Repibliken aloske sosyal demokrat refòmis yo, ranje yo nan do moun ki nan pati demokrat ameriken an, pou fasilite yo trouve mwayen pran pouvwa a pa bò isit. Yo bay lajan nan lòbi ( fè demach), depanse tan ak enèji pou fè kontak moun nan Depatmandeta, ki gen enfliyans sou ajan anbasad ameriken nan peyi a ki chaje òganize koken sou teren politik la. Se pou tèt sa nan jesyon politik Ayisyen an, anyen pa chanje nan rapò depandans ekonomik ak politik peyi  a vizavi ameriken yo pliske se nan mitan neyodivalyeris aryere yo ak popilis refòmis yo, Etazini toujou chwazi yon domèstik ki pou dirije peyi a ak tout konsekans nou konstate yo.

 

Depi lendepandans, nati revolisyon 1791-1804 la, te mete Ayiti anfas peyi  esklavajis yo. Oligachi Franse, Angle ak Ameriken ki t ap kontinye fè lajan nan vann moun kòm esklav, te resevwa nouvèl defèt lame Lafranse lan anba men lame endijèn lan tankou yon kalòt marasa. Konsa, yo te deside dabò pa t rekonèt lendepandans Ayiti, answit pran dispozisyon pou izole peyi a pandan plis pase 60 lane. Etazini nan moman an ki te sèl lòt peyi endepandan nan kontinan Amerik la akote Ayiti te chwazi antre nan konfyolo ak lòt peyi esklavajis yo, pou pini peyi Dayiti. Ositou, diran tout listwa tribilasyon peyi a, pwisans Ameriken an pa janm manifeste yon siy solidarite parapò pèp Ayisyen an pou ta ride l soti ni nan izòlman ni nan pwoblèm ekonomik ak politik li te genyen pandan tout 19èm syèk la. Nan fen 19èm ak koumansman 20èm syèk la, nou te pito wè Ameriken afime tèt yo, kòm bouwo peyi Dayiti akote lòt bandi piyajè ewopeyen yo. Ositou 17 desanm 1914, Etazini voye bato merin debake Pòtoprens, antre nan Bank Santral pou piye tout rezèv lò, lajan dola, franse, an pyas espanyòl ak lajan an liv sterling Angle, pou pote nan Bank lakay yo pou jouk jounen jodi. An 1915, lè yo anvayi Ayiti, dirijan ak sòlda Ameriken yo te aji tankou asasen ki t ap vòlè, piye richès, touye moun, fè jenosid sou popilasyon peyizán nan. Nan nivo ekonomik, jesyon Ameriken yo te yon katastwòf, paske lè yo te kite peyi a fizikman an 1934, yo te lese yon savann dèyè yo, kote tout enstitisyon Ayiti  te alagraba, peyi a pa t gen wout, san enfrastrikti sanitè osnon eskolè ki pou ta pèmèt nouvo dirijan Ayisyen yo jwenn apwi pou fè yon bagay ki ta ka soulaje soufrans pèp la. Zak yo poze nan dènye tan yo, rann imaj Ameriken yo  toutouni nan je mas pèp Ayisyen an. Ameriken yo montre tout moun ki bwa yo chofe nan vòl ak kòripsyon,  lè yo te fè piyaj 17 milya dola Loni te kotize apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, ki te dwe itilize pou konstwi 30 mil kay, fè wout, lopital, lekòl, konstwi vil ak remanbre pwodiksyon nasyonal la an Ayiti. Nan sans sa, apre pèp  Ayisyen an te konstate men anvwaye espesyal  Ameriken Bil Klintonn nan vòl la, yo  te depoze plent nan yon tribinal New York, pou fè mare tout vòlè yo te idantifye nan gang lan akote Bil Klintonn. Pou anpeche lajistis triyonfe, Obama ak Biden ki t ap dirije nan Wachintonn, te oblije mete veto pou kache peche administrasyon Ameriken  an tout moun te sispèk nan piyaj la. Donk jodi a pa gen kache lonbrit, Ameriken yo se pi  gwo obstak pou vrè chanjman peyi dAyiti.

 

Kidonk, rayisman Etazini gen pou Ayiti depi lendepandans lan, pa janm efase. Prezidan ale, lòt tounen, Ameriken yo toujou trete sosyete Ayisyen an ak rasis e mepri. Klintonn te pwofite entèvansyon 1994 la, pou l te fè detwi plantasyon diri anndan peyi a, opwen l te montre ke l te swadizan regrete pou gwosè mechanste ke l te fè nan peyi a. Nan yon sèl ane Biden depòte plis pase 23 mil Ayisyen pou vin alimante gang yo nan peyi a pou plase tèt li akote Obama  kòm 2 Prezidan Ameriken ki depòte plis Ayisyen. Yo te chèf konplo ki te fè Klintonn ankese Ozetazini 17 milya dola rekonstriksyon an , avan yo t al antre nan kan mafya fanmiy Klintonn lan pou te enpoze peyi a ekip gang PHTK an 2011. Trump te di Ayiti se yon Latrin kaka, li te voye mèsenè pou antrene gang, ame yo pou simaye latèrè nan peyi a. Jodi a tankou Biden te di, “ki te mele bounda peyi Etazini ” si Ayiti ta anglouti nan lanmè, li beni federasyon gang Core-Gwoup te tabli nan mitan G9 la k ap travay pou entèvansyon militè fèt nan peyi a, pou vin aplike lwa Kongrè Ameriken te vote an 2019, pou Etazini kontwole richès peyi Dayiti. Donk listwa montre n, enterè peyi a paj anm enterese Ameriken yo diran tout peryòd y ap domine nan zafè ekonomi ak politik anndan neyokoloni an. Se pou tèt sa, pèp la konsidere 107 lane dominasyon Etazini yo tankou yon tan peyi Dayiti pèdi anba tribilasyon okipan Ameriken yo.  Donk pèp la avize, anyen pa posib anba dominasyon kolonyalis Ameriken yo. Pwogresis yo dwe kontinye ranfòse Mouvman Rezistans lan, pèsiste nan òganize mas popilè yo, chache solidarite nan dyaspora kòm nan mitan patriyòt nan lòt peyi pou kenbe mobilizasyon pèmanan an, pou anpeche administrasyon Ameriken yo mennen Ayiti nan tonm lan.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a Nan Mouvman Rezistans Nasyonal La!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè No51

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 14 novanm 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here