Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè denonse dominasyon enperyalis la kontinye ap fè sou peyi a 108 lane depi gouvènman meriken te fin vòlò rezèv lò peyi nan Bank Santral.

 

Okay, 19 desanm 2022

Nan yon nòt ki pote dat 17 desanm 2022 a, Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo mande Pou aktè politik ki pa nan move zafè yo ak sosyete sivil la antann yo prese prese sou yon nouvo gouvènans ki kapab mete lajistis la anbranl kont tout moun ki nan move zafè yo ; pou Leta Ayisyen sezi byen tout moun sa yo pou dedomaje ak repare viktim divès masak yo, viktim kidnapin ak viktim kadejak yo ak tout lòt kalte krim. Nòt sa pote siyati Patrick JOSEPH, Jean-Paul BASTIEN, Olriche JEANPIERRE, Josué MÉRILIEN ak Guy NUMA. RTM envite w lit tout Nòt sila a !

 

KONBIT OGANIZASYON POLITIK SENDIKAL ak POPILÈ

 

Nòt pou laprès nan okazyon 108 lane depi militè meriken te debake vin vòlè rezèv lò peyi a nan Bank santral (BNRH)

 

17 desanm 1914, 17 desanm 2022 fè egzakteman 108 lane depi  meriken te debake ak gwo zam vin vòlè rezèv lò peyi nou nan Bank Santral. Yon trezò  ki te evalye nan epòk la a 500 000 dola vèt. Se nan yon bank meriken ki rele City Bank yo te plase rezèv lò nou an yo te vòlò a. Se rezèv lò sa a ki te konn sèvi kòm garanti pou dèt  Ayiti genyen pou lòt peyi.

 

Vòl sila a kase ren ekonomi peyi a epi mete finans peyi a sou lagraba. 7 mwa aprè meriken debake ak gwo zam vini okipe peyi nou 28 jiyè 1915.

 

Nap fè remake latriye move  konsekans   vòl eskandal sila a ak zak eskwokri Lafrans nan kad ranson kolonyal 150 Milyon fran lò a kontinye genyen jouk jounen jodya sou ekonomi peyi nou.

2 gwo evènman malè sila yo  jwe yon gwo wòl nan kokobe ekonomi peyi nou epi lage Aiyti nan sityasyon tèrib li trouve li nan moman sa a.

 

Jounen Jodi a, se menm peyi sa yo nan tèt kole ak Kanada ki mete kanpe yon sendika diplomatik malfektè ki rele Kò Gwoup pou kontinye chita dominasyon yo sou peyi a. Se yo ki mete prezidan, se yo ki mete Premye minis, se menm yo menm lan tou ki bay tèt yo kontra pou piye richès nou genyen anba tè a ak anba lanmè. Nan moman n ap pale la a konpayi Kanadyen ak Meriken gen 52 kontra nan men yo pou fè eksplorasyon ak eksplwatasyon Min. Ladan yo gen 3 kontra eksplwatasyon Min ak 49 kontra eksplorasyon.

 

Pou asire dominasyon yo sou peyi a, yo chache koutye ak atoufè ki gen move dosye pou mete nan tèt Leta kòm prezidan, senatè, depite elatriye. Jounen Jodi a, se yo ankò k ap voye jete tankou papye ijyenik, yon seri kolabo lokal yo fin sèvi ak yo pou defann enterè pa yo kont enterè peyi a ak pèp Ayisyen an. Nou dwe raple, tout peyi a te deja konnen anpil aktè nan sektè politik la  tankou nan  boujwazi a tap naje depi lontan nan move zafè. Se sèlman bonjan prèv pèp la te manke. Tout moun konnen tou ni dirijan nou yo, ni kominote peyi enperyalis yo se ak moun sa yo yo fè politik. Se yo ki nan Bank yo, yo te nan dechèpiye lajan CIRH la ak Bill Clinton, yo nan petwokaribe, yo nan dwòg, yo nan kidnapin elatrye. Yo mele nan tout move zak.

 

Men atansyon, nou tande Etazini ak Kanada ap pare pou yo vòlò byen mafya sa yo olye yo retounen byen sa yo nan peyi a.

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo mande : 1) Pou aktè politik ki pa nan move zafè yo ak sosyete sivil la antann yo prese prese sou yon nouvo gouvènans ki kapab mete lajistis la anbranl kont tout mafya ki nan move zafè yo;

2) Leta Ayisyen dwe sezi byen tout mafya sa yo pou dedomaje ak repare viktim divès masak yo, viktim kidnapin ak viktim kadejak yo ak tout lòt  kalte krim;

3) Lafrans dwe Ayiti jistis ak reparasyon pou lajan ranson endepandans lan;

4) Leta meriken dwe dedomaje Ayiti rezèv lò yo te vòlë a, ki jounen jodia evalye a plizyè milya dola meriken.

 

KONBIT la mande pèp Ayisyen an pou li relimen flanbo mobilizasyon an san pèdi tan, pou wete peyi a anba grif entènasyonal mafya ak mafya lokal yo. Nou pa dwe kite pou se Kò Gwoup la ki al chache nouvo esklav pou ranplase ansyen esklav yo ki anba sanksyon yo. Nou dwe vijilan,  kale je nou pou nou pa kouri pou lapli epi tonbe nan basen.

 

Pèp k ap batay pap mouri.

Viv lit pèp la pou yon Ayiti granmoun.

 

Pou otantifikasyon:

Patrick JOSEPH

Jean-Paul BASTIEN

Olriche JEANPIERRE

Josué MÉRILIEN

Guy NUMA

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here