Nan yon lèt òganizasyon ekolojis « Konbit Ekolojis Sid (KES) voye bay komisyon kominal Okay la nan dat 15 jiyè 2024 la, sal nouvèl Montagna gen yon kopi, òganizasyon an mande Lameri frennen eksplwatasyon sab sou plaj Gelée a.

 

Okay 18 jiyè 2024

 

Soti nan : Konbit Ekolojis Sid (KES)

Pou : Komisyon Kominal Okay

Objè: Mande frenen eksplwatasyon sab sou plaj “Gélée”

 

Konbit Ekolojis Sid (KÈS), wete chapo l byen ba pou salye Komisyon Kominal Okay la epi li pwofite okazyon an atire atansyon l sou gwo malè pandye ki plane sou tèt plaj “ Gelée” fas ak eksplwatasyon sab bò lanmè a.

 

Mesye dam Komisyon Kominal Okay la, Konbit Ekolojis Sid ( KES), ap konstate ak anpil enkyetid kouman divès moun ap eksplwate sab bò plaj la nan dènye jou sa yo. Eksplwatasyon san kontwol ki ap fèt la se yon gwo malè pandye pou espas piblik sa piske toutotan yo ap pran sab la se toutotan lanmè a ap anvayi lòt espas yo. Si sab la disparèt, sa vle di plaj la ap disparèt tou.

Lè n konsidere enpòtans plaj fas ak ògmantasyon chalè a ak enpòtans kiltirèl li pou komin Okay, nivo lanmè a ki pa sispann monte, nou ap mande Lameri pran dispozisyon pou anpeche aktivite eksplwatasyon sab plaj la ak pran dispozisyon pou fè plaj la yon espas kiltirèl, touristik “atraktif”.

 

Pandan nou espere nou ap konprann byenfonde lèt sa ak nesesite pou gen aksyon prese prese ki pran, Konbit Ekolojis Sid (KES) ap mande nou, Mesye dam Komisyon Kominal Okay la resevwa salitasyon l.

 

Pou otantifikasyon:

Gérard Marcelin

Jeanne Marceline Pinet

Wilson Pagenel

 

Kopi konfòm pou:

Delegasyon Sid

Direksyon Sid Ministè Anviwonnman

Direksyon Sid Ministè Touris

 

Pwoteje Anviwonnman se pwoteje Lavi!

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here