Kan esklav nan Sendomeng te chase franse an novanm 1803, pou libere peyi a anba sistèm esklavajis lan, kontrèman ak pwogresis nan lemond ki te kontan, peyi kolonyalis yo, te viv evènman sa tankou yon kochma. Lafrans, Angletè ak Etazini te pran yon bann dispozisyon ansanm, pou fè nouvo nasyon an peye yon pri konsekans, ki te plase Ayiti an difikilte, pou l te fè faskare ak nouvo anbyans Etazini ak alye l yo te kreye nan anviwònman peyi a. Yo te sèmante pou yo demoli pèp ayisyen an. Yo bloke komès Ayiti, kreye kondisyon pou yo piye byen peyi a nan kontrebann ak oligachi epòk la, pou achte machandiz peyizan yo ak byen Leta ayisyen abonmache.
Yo te refize rekonèt endepandans Ayiti pou yo izole l, pandan Lafrans t ap prepare akò selera 10 jiyè 1825 lan, ki te ba l dwa kontwole ekonomi peyi a. Sou pretèks libète esklav Sendomeng yo te reprezante move egzanp pou esklav lakay yo, ameriken toujou fè jefò bloke tout aktivite pandan 2 syèk ki vize pote amelyorasyon nan sitiyasyon kalamite pèp ayisyen an. Yo sabote ak piye 17 milya dola rekonstriksyon apre tranbleman tè 12 janvye 2010 lan, Loni te ba Etazini jere pou konstwi kay, wout ak lopital nan peyi a. An bon konplis, yo fèmen je yo, lè PHTK t ap charye 5 milya dola Petro Karibe a, pou al sere nan Bank Etazini. Apre tou sa, jodi a ameriken yo mete Ayiti nan lis ” Global Fragility Act ” , pou vin okipe l.
” Global Fragility Act “, se yon lwa Kongrè ak Sena ameriken vote an 2019 anba direksyon Donald Trump, ki ba peyi Etazini dwa itilize akò bilateral ak peyi frajil, pou se sòlda ameriken k al asire sekirite peyi depandan frajilize yo, pou Etazini jwenn posiblite kontwole matyè premye ki nan peyi domine yo. Ositou depi 2019, ameriken voye mèsenè nan peyi a, pou antrene ak ame Gang, plase yo anba lidèchip pouvwa Gang PHTK yo, pou kreye kondisyon favorab, pou fòs etranje anba lòd ameriken anvayi Ayiti, pou vin aplike lwa 2019 sa. Apre 107 lane okipasyon peyi Etazini ak alye l yo nan peyi a, mas popilè yo konstate okipan yo piye richès peyi a, pou lage Ayiti nan plis malè. Se pou tèt sa, pèp la deside leve kanpe toupatou kont prezans yo ak entèvansyon pwograme sa nan peyi a. Jodi a pou piye richès yo, ameriken deja pran kontwòl tout antrepriz peyi a ki te konn fè lajan antre nan kès Leta, pou plase yo nan men sitwayen ameriken ki an Ayiti. Yo fè Bidjè peyi a, pou bay franchiz pou fasilite sitwayen ameriken ki gen pò prive ak sa k ap fè komès an Ayiti, pa peye taks. Donk, Etazini deplimen peyi a totalman, pou fòse pèp la pran kanntè pou al ranmase imilyasyon toupatou. Men nan men ak Core-Gwoup, gouvènman ameriken ap miltipliye demach ak kontak, pou fè pase okipasyon peyi a tankou yon nesesite, alòske se ameriken yo menm ki pase anpil tan, nan prepare sitiyasyon katastwòf pou frajilize Ayiti. Yo te mete Ayiti nan lis peyi pou destabilize, pou yo vin aplike lwa ” Global Fragility Act ” la, paske non sèlman gen richès anba tè peyi a ki enterese yo, men tou paske yo trouve okazyon anndan lwa sa, pou egzèse rayisman yo toujou pote nan kè yo kont peyi a depi evènman premye janvye 1804 yo.
Kidonk, sitiyasyon politik la chanje anpil nan mond lan ak konsekans ekonomik nou konnen yo. Demand peyi emèjan yo fè pri matyè premye yo ogmante toupatou. Oksidan ki te konn fè wonzpatou kote se yo menm ki te deside pri yo vle bay peyi domine yo pou matyè premye, trouve yo oblije achte yo nan pri nòmal. Konsa an 2019, ameriken yo ki kwè e ki di, yo se pèp beni bondye voye, pou vòlè richès tout peyi sou latè, vote lwa pou siyen akò bilateral ak peyi frajil, ke ameriken yo fin frajilize, pou se Etazini ki asire sekirite peyi ki gen richès anba tè, ak konsekans ki dwe pote peyi ameriken pran kontwòl ansanm richès peyi sa yo. Donk, Ayiti se yon mayon nan chenn nan, ke Etazini vle itilize pou fè èksperyans pilòt, nan pwojè global la. Se pou sa, tout lòt peyi ki cho devan bann nan pou patisipe nan envazyon an, se rèstavèk ameriken ap itilize pou kache figi yo.
Pandan Mouvman Rezistans Nasyonal la, ap remèsye Lachin ak Larisi ki te vote nan Loni kont okipasyon peyi a, li dwe chache ranfòse tèt li nan goumen pou l jwenn solidarite lòt pèp toupatou sou latè. Konsa, pèp la ak pwogresis yo pa dwe rete nan wout nan batay la, paske p ap gen avni pou peyi dAyiti, osilontan mobilizasyon popilè a pa rive retire peyi a anba dominasyon oligachi feyodal la ak neyokolonyalis franse, ameriken ak lòt peyi tchoul li yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè a Anndan Mouvman Rezistans Nasyonal La !
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.
Vwa Rezistans Popilè No50
07 novanm 2022.