Desizyon gouvènman Kanadyen pou frape Miki a, pa yon zak izole menmsi nou rekonèt ke ameriken yo pa twò cho pou anbake nan plan sa. Li rantre nan liy taktik Core-Gwoup pou diminye presyon politik la, pou rive kase mobilizasyon an.
Si nan tout fim lavi yon domèstik politik toujou mal pase, rèstavèk ayisyen yo toujou pran wout poubèl listwa, lè mèt yo fin itilize yo nan move zafè. Pou yo te kontinye koupe fèy kouvri vòl ak piyaj 17 milya dola rekonstriksyon Loni te kotize pou peyi dAyiti apre tranbleman tè a, administrasyon ameriken an te bere Mateli e fè sakrifis sou imaj Etazini pou enpoze Ayiti Swit Miki kòm Prezidan an 2011. Malgre ankèt palman ayisyen an ki te revele Miki se etranje, anbasadè Etazini te deklare nan Palè Nasyonal ke Mateli se ayisyen, donk li ka dirije peyi a. Miki te fè djòb la 10 sou 10 e “WikiLeaks ” ki se yon jounal ankèt te rakonte kouman madanm Klintonn te griyen dan sou Mateli ki te dispoze ba Etazini menm sa l pa t posede. Kanadyen, Franse tout ansanm te pote kole ak Ameriken pou pase men sou do Miki kòm yon Biblo ki t ap byen travay pou konsolide mizanplas politik ak ekonomik ki te dwe fèt sou teren an. Tan ale, men tan pa tounen, pèp souvren an Ayiti kòm nan dyaspora lage nan dengwenn ekip mafya PHTK/Mateli a toupatou. Jounal aletranje ak sa k bò isit revele vòl ak piyaj Miki ak tokay li yo ap fè nan peyi a anba je patwon l yo ki nan swadizan kominote entènasyonal la. Malgretou anbasad ki pwòch Core-Gwoup la te toujou panse ke lidè lejitim pou defann pwojè mafya a sou teren an, se Mateli ki te nan yon pozisyon entouchab nan peyi a. Sepandan depi kèk jou apre vòt Loni sou kriz peyi a, traktasyon ap fèt pou likide kèk chèf Gang sou teren an, pou diminye presyon an sou pèp la, nan objektif ranje pèlen eleksyon an. Konsa nan tonbe ekate kèk grenn Gang PHTKis initil sou sèn politik la, Kanada deside pibliye non Miki ak Lamòt nan lis patwon Gang yo nan peyi a. Poukisa desizyon sa vini jodi a?
Depi yon bon bout tan, devan Rezistans pèp la ki refize vale tout bagay, dirijan Core-Gwoup yo gen ti pwoblèm pou akòde vyolon yo sou sa k dwe fèt nan neyokoloni an pou kenbe dominasyon yo. Lè se pa anbasad ameriken ak madanm Lalim k ap pran desizyon sou teren an san konsilte lòt patnè yo, se ti difeboule k ap fèt anba anba antre yo sou ki Gang yo dwe pwoteje parapò ak lòt yo dwe sakrifye nan kriz la. Ositou, pou aplike rezolisyon Loni ki mande pou pini Gang, peyi kolonyalis badèkoken yo gen yon lis lamayòt ak non moun anba palto yo, pou yo jofre e pibliye pa konngout lè yo pito. Kòm se mafya PHTK k ap fè kowòdinasyon Gang yo pou Core-Gwoup la sou teren an, pifò non yo soti nan kan pouvwa Gang PHTK/ Mateli ak Aryèl Anri a. Konsa malgre ameriken yo t ap trennen pye sou desizyon sa, Kanada deside afiche boul Michèl Mateli ak Lamòt la ke tout moun te konnen deja kòm papa Gang yo, menmjan Anel Joseph ak Tilapli te gen abitid anonse nouvèl la depi lontan. Plizyè rezon gen dwa èksplike desizyon dirijan Core-Gwoup yo, ki brile zèl Mateli ak Lamòt la, pou y al chache lòt lasdatou pou kriz la. Malgre tandans moun k ap fè kwè mobilizasyon pèp la se dlo sou do plim kanna, rezo sosyal ki releye nouvèl yo, pèmèt bri fèt otou ajisman peyi kolonyalis yo sou teren an, ki konplike tach yo ak konsekans ralantisman vitès aplikasyon plan Lanmò ameriken ap charye pou Ayiti a. Ositou, awogans ak mepri ameriken yo pou pèp ayisyen an, pouse anpil eleman pwogresis nan klas mwayèn nan antre nan mobilizasyon an ak revandikasyon pi avanse, ki mete ankoz sistèm dominasyon enperyalis la, kontrèman nan tan pase kote sant deba yo, te chita sou konsèy elektoral pou eleksyon kòm solisyon paspatou. Dyaspora ayisyen an ki te anretrè, antre nan dans lan lè yo mande fen dominasyon etranje nan peyi a, ki vin konplike tach ameriken yo nan neyokoloni an.
Kidonk desizyon gouvènman Kanadyen pou frape Miki a, pa yon zak izole menmsi nou rekonèt ke ameriken yo pa twò cho pou anbake nan plan sa. Li rantre nan liy taktik Core-Gwoup pou diminye presyon politik la, pou rive kase mobilizasyon an. Nan moman kote plan entèvansyon pou te kore gouvènman Gang PHTK/Aryèl Anri a bwè lwil, yo griye ansyen Biblo a kòm plan B pou kenbe kontwòl ak tenmpo kriz la, paske depi lontan nou te konnen ke Mateli ak Lamòt te nan Gang Galil, e moun Core-Gwoup yo te okouran. Dire mobilizasyon an ak nati revandikasyon yo ki pi pwofon, montre ke nivo konsyans politik pèp la evolye, donk Core-Gwoup deside vale labouyi a plis arebò. Yo choute Miki jete pou rale pèp la nan fisèl, fè tan pase pou chache lòt lasdatou pou repedale ak plan Lanmò a. Demokrasi pa nan ajennda peyi oksidantal yo pou neyokoloni yo, Ayiti p ap fè eksepsyon. Pèp la ak pwogresis yo dwe sou men yo, Liberasyon ak Souverènte peyi a ap soti sèlman nan kapasite mas popilè yo pou reziste anba mannèv ak chantaj kolonyalis ki nan Core-Gwoup la ak oligachi lokal la. Batay la ap long paske mèt neyokoloni an pa nan konpwomi, li deside kondwi Ayiti nan simetyè. Se pou tèt sa, fòs Rezistans Nasyonal la dwe kontinye òganize l sou beton an chak jou piplis jiskaske l rive nan viktwa final la.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè a Nan Mouvman Rezistans Nasyonal La!
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, Vwa Rezistans Popilè No53
KRPBB. 28 novanm 2022