Ki Taktik Enperyalis La Ap Rapouswiv Dèyè Misyon Karikòm Nan?

Kidonk, pagen dout nan lespri pèsonn, Karikòm nan yon misyon payas nan peyi a, pou l tante sove sitiyasyon an pou mèt neyokoloni an ki avili an Ayiti. Mafya entènasyonal la te ba yo misyon pou vin kolabore ak pouvwa Gang lan, pou pran mezi nome yon mafya trafikan nan tèt peyi a atravè yon komedi eleksyon nan jou k ap vini yo.

 

Jeneralman majorite enstitisyon entènasyonal ak rejyonal yo, se enstriman politik ak ekonomik ki anba men pwisans kolonyalis yo nan yon moman istorik done, pou regle zafè pa yo. Nan tout kwen nan majorite peyi depandan yo, òganis payas ak ONG yo ap boujonnen pandan peyi enperyalis yo,  fè yo tout tounen chwal batay yo. Alaverite lide tètkole ant pèp yo te la byen lontan avan lane 1940 yo, men evènman trajik ki te akonpaye 2èm gè mondyal la, pral pouse anpil lidè panse avantou lapè ak lavi miyò nan anviwònman politik peyi lakay yo. Nasyonzini pral kreye ak yon bann enstriman finansye e ekonomik, tankou yo te vle demontre ke LONI limenm sèl kòm enstitisyon inivèsèl, ta gen kapasite tabli amoni ant tout Nasyon sou latè. Yo kreye OMS pou Sante, FAO pou manje, UNESCO pou kilti, patrimwán ak edikasyon, OMC pou komès, FMI, Bank Mondyal pou ekonomi ak zafè finans elatriye. Sepandan, ofiramezi ògán politiko-ekonomik sa yo t ap devlope, peyi enperyalis yo te tise tout, nan yon fil zarenyen pou plase yo osèvis oligachi ki lakay yo. Dirijan kolonyalis yo nome moun pou dirije enstitisyon yo, mete règ anndan yo pou benefis k ap soti nan manmèl òganis payas sa yo antre nan pòch oligachi peyi kolonyalis yo. Ositou jodi a Karikòm anmisyon nan peyi a ak yon wòl sispèk, pou vin ankouraje pouvwa Gang PHTK òganize yon komedi elektoral anba lòd Core-Gwoup la.  Ameriken fè presyon pou l domèstike swadizan enstitisyon rejyonal sa, pou l aji ankonfòmite ak volonte ekip mafya entènasyonal la, ki gen kontwòl zafè politik ak ekonomik peyi dAyiti. Karikòm obeyi, sepandan sou teren an l santi pèp la poko deside koube l anba lwa rezo Gang Core-Gwoup enstale nan peyi a, li kanpe jwèt la pou l tounen nan  Wachintonn pou pran nouvo modòd taktik apwopriye pou retounen vin mete machin enfènal la anmach nan pwochen jou yo.

 

Tout moun nan peyi a konnen òganizasyon entènasyonal ak rejyonal nan Amerik la ap dirije pa yon gwoup domèstik mèsenè ki anba lòd Etazini. LOEA sou wout pou l fini kon lakrè paske dirijan l yo nan magouy ak Ameriken, pou simen Koudeta elektoral toupatou. Diplomat yo rich, men limaj LOEA tèlman ba, li pa anmezi foure pwent nen l nan kriz k ap brase bil Ayiti Jodi a. Ositou, Mafya entènasyonal la sonje Karikòm pou voye l sèvi paravan nan kriz la an Ayiti, alòske pèsonn pa gen dout sou idantite mèt kriz la ak souflantchou k ap jwe wòl bayakou akote ameriken yo. Karikòm pran djòb sal la nan yon moman risk pou l kase dan l yo nan kriz la gwo anpil, anpil. Kabwèt mafya entènasyonal la kole toupatou, an Afrik, Azi, Ameriklatin, kòm an Ikrèn elatriye. Yo bezwen montre ponyèt yo sou teren Ayiti a, kraze pèp la pou fè wè kouman yo gen fòs toujou. Yo p ap fè konpwomi nan neyokoloni an ki se pi gwo mayon fèb kote yo ka goute viktwa apre yon seri echèk nan lemond, menmsi li ta fèt pou yon kout dire. Se pou tèt sa, ekip Gang Aryèl Anri a, jwenn lòd pou pike devan, Gang Milis yo jwenn konsiy pou monte ensekirite a pandan Diplomat Core-Gwoup yo dwe kontinye anboche mèsenè politik pou ranfòse pouvwa Gang lan. Eksperyans ki fèt nan anbochaj moun SDP, Man Manniga ak kèk eleman nan dwamoun yo kòm bouzen politik, bay kan mafya lespwa ke politik anbochaj la ka pote rezilta. Sepandan, trafikan mafya Core-Gwoup yo twonpe tèt yo sou nati ak pwofondè mobilizasyon 2018 yo. Anpil eleman nan klas mwayèn nan ki dekapitalize nan biznis yo, ki pèdi travay ak lòt yo te kidnape, antre nan batay la. Mete sou sa, anpil militan nan dyaspora, entelektyèl ak strikti òganize nan peyi a mobilize devan kidnaping ak ensekirite a ke yo jije entolerab. Pou tout moun nan sosyete a, ameriken yo ale twò lwen. Donk, kòm Etazini pagen solisyon altènativ e pèp la p ap aksepte resèt tradisyonèl yo, Karikòm kondane pou fè bèk atè.

 

Kidonk, pagen dout nan lespri pèsonn, Karikòm nan yon misyon payas nan peyi a, pou l tante sove sitiyasyon an pou mèt neyokoloni an ki avili an Ayiti. Mafya entènasyonal la te ba yo misyon pou vin kolabore ak pouvwa Gang lan, pou pran mezi nome yon mafya trafikan nan tèt peyi a atravè yon komedi eleksyon nan jou k ap vini yo. Konsa, Diplomat ki nan Gang mafya a sou teren an, te anboche kèk bouzen politik  ki nan dwamoun ak lòt bouzen  politik ki angrenn 5 pou te pale anfavè gouvènman Gang Aryèl Anri a nan reyinyon bouyivide Karikòm nan. Sepandan, malgre mannèv Diplomat aferis Core-Gwoup yo sou teren an, siyal ki rive jwenn Karikòm bò kote strikti òganize nan peyi a, fè l santi pèp la poko fatige nan Mouvman Rezistans lan. Li mete yon poz nan aktivite payas la, pou l tounen nan  Wachintonn pou pran nouvo konsiy k ap pèmèt li retounen ak plis za m pou vin konvenk pèp ayisyen an.

Jodi a peyi a nan gwo malè. Pwogresis yo dwe konsyan, mafya entènasyonal la pap aksepte menm yon ti ouvèti demokratik. Donk pou espere jwenn yon solisyon anfavè peyi a,  pwogresis yo dwe bay mouvman demokratik la yon karaktè laj kote y ap teni kont sou nesesite yon Alyans ant tout moun ki kont politik Gang mafya entènasyonal la nan peyi a. Travay pwogresis yo dwe kontinye nan mitan mas yo, pou òganize mouvman rezistans lan toupatou,  lè y ap pote plis disiplin nan aksyon militan yo sou teren an, pou bay mobilizasyon popilè a dimansyon maksimòm nan pou rive kapote dominasyon Gang mafya entènasyonal la ak oligachi domèstik la nan peyi a.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Popilè Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè (No67)

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 6 mas 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here