Sa fè lontan pwisans kapitalis yo ap piye resous imèn ki soti nan peyi depandan pou grandi potansyèl machin devlopman endistri lakay yo. Vòl resous imèn san pran souf sa, pèmèt yo diminye kreyativite nan kapasite pwodiksyon nan peyi viktim yo ak objektif transfòme peyi domine ansenp peyi konsomatè k ap enpòte pwodui fini ki soti nan peyi kapitalis yo.

 

Nan batay ki genyen ant gwo pwisans kapitalis yo, se enterè ekonomik ki toujou fondman lit la. Yo nan goumen pou se machandiz pa yo ki vann plis, yo nan fè jefò pou depo machandiz ak chèn pwodiksyon lakay yo toujou solid pou yo fonksyone san rete, e y ap chache moun ki konpetan pou amonize aktivite ekonomik yo, ak objektif asire baz devlopman endistriyèl lakay yo. Pou sa fèt, yo dwe pran mezi apwopriye pou mete aladispozisyon sistèm nan, tout eleman nesesè ki dwe fè machin pwodiksyon an fonksyone. Ositou, nan kriz mendèv k ap travèse anpil pwisans kapitalis nan mond lan, Etazini deside antre Ayiti nan lis peyi ki dwe founi l travayè nan kondisyon limenm li defini. Konsa, anpil ayisyen ap kite peyi a nan pwogram Biden e dòt ap lage kò yo anmas nan peyi Nikaragwa pou yo rive atenn vil fwontyè Tekzas k ap kondwi yo Ozetazini. Ki enterè Ayiti nan bagay sa?

 

Sa fè lontan pwisans kapitalis yo ap piye resous imèn ki soti nan peyi depandan pou grandi potansyèl machin devlopman endistri lakay yo. Vòl resous imèn san pran souf sa, pèmèt yo diminye kreyativite nan kapasite pwodiksyon nan peyi viktim yo ak objektif transfòme peyi domine ansenp peyi konsomatè k ap enpòte pwodui fini ki soti nan peyi kapitalis yo. Konsa, kantite mendèv bon mache k ap gonfle nan yon sèl sant endistriyèl, gen objektif pou diminye depans pwodiksyon machandiz nan peyi devlope,  pou rive bloke anmenmtan devlopman endistri nan peyi depandan ki p ap anmezi kenbe konkirans sou mache entènasyonal la. Etazini ap ranmase travayè ayisyen sou baz pwòp griy seleksyon  pa l. Li chwazi moun selon konpetans l ap chache, pou satisfè bezwen pwodiktè ameriken yo. Li pran jenn fanm ak jenn gason ki te lekòl, ki gen metye ki ka itil ekonomi lakay li. Jodi a, ameriken koumanse felisite tèt li pou twasanmil (300000) moun ki deja antre Ozetazini nan pwogram Biden e y ap chante kantamwa paske ekonomi ameriken an deja jwenn benefis li nan mán ki tonbe nan piyaj resous imèn nan. Ameriken yo fè lajan nan liy avyon, yo fè lajan nan ajans vwayaj k ap pran valè lajan yo vle nan men migran yo, yo fè lajan nan lwe plis kay, yo fè lajan nan migran k ap konsome plis pwodui lakay yo, aloske migran yo vann tout sa yo genyen pou mete lajan nan pòch tout gwoup moun ki enplike nan chèn vwayaj la, pandan kondisyon reyini pou peyi  dorijin migran yo vin pi pòv.

Ositou akote avantaj ekonomik la, Etazini ap  chache gwo avantaj politik nan aktivite vòlè enèji Kiben, Ayisyen, Venezyelyen ak Nikaragweyen yo, paske ameriken vize ak zak sabotaj ekonomik peyi sa yo, jwenn posiblite agrave politik destabilizasyon an. Chwa 4 peyi yo pa inosan paske Etazini gen pi gwo enterè ekonomik k ap brase nan lòt peyi nan Amerik la. Ovenezyela, Kiba ak Nikaragwa l ap chache relanse mobilizasyon pwograme a kont gouvènman anplas yo, pandan l vize kase ren mobilizasyon popilè a an Ayiti. Donk, ameriken mete Gang nan peyi dAyiti pou lage dezolasyon nan mitan popilasyon ayisyèn nan, yo enstale yon gwoup domèstik anti-ayisyen nan tèt peyi a pou kouvri Ayiti ak pwodui enpòte k ap depafini pwodiksyon nasyonal la, ki  lage pèp la nan chomaj ak dezawa pou pwogram Biden nan jwenn okazyon atire anpil moun.

 

Kidonk, ” Carl Marx ” te gen rezon lè l te di: ” Kapital Imen Se Kapital Ki Pi Enpòtan Nan Yon Chèn Pwodiksyon”. Mendèv kalifye se yon zouti endispansab pou pwodui byen ak sèvis. Se pou sa anpil pwisans kapitalis ap piye travayè kalifye nan peyi depandan yo. Depi èksperyans Lachin ak Lend ki rive fè anpil pwogrè ekonomik gras ak bon itilizasyon kantite resous imèn yo genyen, moun ki t ap klewonnen ke pou peyi devlope fòk moun sispann fè pitit yo, ret bèk atè. Sa fè kèk tan, statistik ap pwojte Lachin ak Lend kòm peyi ki pral pran tèt ekonomi nan mond lan, paske yo gen anpil moun. Jodia ni Etazini ni Larisi ap chache ogmante popilasyon yo. Yo bezwen travayè pou louvri anpil endistri e yo bezwen anpil moun sou plas ki pou konsome byen ki fèt lakay yo. Biden louvri vann nan pou l chache kouvri reta ak mankman l genyen lakay li, pandan l ap pwofite pote move kou politik kont Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela paske moun se motè tout pwodiksyon richès. Donk akote piyaj richès natirèl peyi dAyiti, ameriken ap piye resous imèn ak enèji pèp ayisyen an lè l ranmase tout kad kalifye, pou l agrave sitiyasyon sosyo-ekonomik peyi a. Sepandan pwogresis ayisyen yo gen anpil travay politik pou yo fè nan mitan mas yo, paske zak malveyans sa parèt nan je anpil moun tankou yon benediksyon ameriken pote nan peyi a.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Popilè a!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, Vwa Rezistans Popilè No97

16 oktòb 2023

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here