Nan antouraj mafya nasyonal ak entènasyonal la, yo pa kache entansyon òganize yon Eleksyon bouyivide pou kenbe ekip bandi legal la nan tèt peyi a. Pou sa fèt, mèt neyokoloni an oblije jwenn mwayen pou fòse pèp la obeyi anba lòd Gang ak trafikan ki se sèl alye natirèl ameriken yo sou teren politik la jodi a. Sepandan apre monte desann anpil misyon payas an Ayiti kòm aletranje ki pa bay anyen, Sekretè Jeneral Loni an, Antonyo Goutyerès oblije antre briskeman pou vin rankontre politisyen aferis yo nan yon swadizan reyinyon pou seye ranfòse pwojè okipasyon an ke mafya entènasyonal la deja deside pou peyi a. Konsa, li enpòtan pou n chache konnen akote fòs okipasyon ki nan djakout Goutyerès la, ki lòt zèl kat mètdam li sere anba palto l nan misyon sa pou Ayiti?
Nan peyi a pawòl la frèch nan lespri tout moun, lè yo te wè nan televizyon Sekretè Jeneral Loni an, Antonyo Goutyerès t ap voye flè sou tribin Nasyonzini pou Gang G9 paske yo te fè Federasyon Gang “Manyen Yonn Manyen Tout”. Jodi a tankou kan mafya te swete l la, Gang yo gen plis jarèt, yo gen plis teritwa, plis zam ak plis lajan pou yo kidnape e touye moun nan mas popilè yo. Poutan, se menm Antonyo Goutyerès sa ki t ap ankouraje Gang, ki anvi kapitalize sou prezans Gang yo, pou l voye fòs okipasyon sou pretèks li ta gen volonte konbat Gang G9 k ap ekzekite lòd Core-Gwoup la sou teren an. Goutyerès konnen l nan manti. Li p ap voye fòs paske l gen kè sansib pou moun k ap mouri nan peyi a. Tout kote Nasyonzini voye fòs, moun toujou konstate se ensekirite ak krim yo ki miltipliye: a) Nou te wè yo nan peyi Rwanda sou non ( MINUAR) an 1993-1996 nan moman gè sivil la kote te gen masak sou popilasyon an. Fòs Loni yo te rete gade, paske yo te gen lòd pou pa fè anyen.
- b) Nou wè Loni nan Burkina Faso kote Gang Djiyadis ap kontinye feraye san pwoblèm. Gouvènman Burkina a, pou defann popilasyon l nan, oblije al chache kowoperasyon ak Larisi ak peyi Mali pou pote l sekou paske manm Loni yo initil.
- c) Nou te wè yo nan Mali sou non MINUSMA kote yo rete bwakwaze devan krim djiyadis yo. Gouvènman peyi Mali oblije fout yo deyò pou enkapab, nan fen mwa jen 2023 a. Donk, tankou kòlonn misyon Nasyonzini ki pase an Ayiti deja yo, prezans moun sa yo toupatou sèvi sèlman pou ride peyi enperyalis yo ranfòse represyon sou popilasyon lokal yo e fasilite oligachi mafya yo piye richès peyi viktim yo.
Ositou, evènman Bwakale ki koumanse nan Tijo ak Debisi nan mwa avril 2023 a kreye gwo panik nan kan mafya a: 1) Sou plan sosyal anpil Gang vin pè antre tout kote paske yo wè pèp la deside goumen pou pwoteje tèt li b) Sou plan politik, Bwakale a vin kraze plan mafya entènasyonal la ki te vle fè pèp la antre nan trou, pou fout mas popilè yo deyò sèn politik la atravè aksyon Gang yo. Ak Rezistans Bwakale a li parèt klè nan je kriminèl yo, ke pèp la gen resous toujou pou l bloke swadizan Eleksyon zobop yo pwograme pou renouvle Bandi legal yo. Donk, mafya entènasyonal la voye Goutyerès vin amenaje teren an ak kèk politisyen dokale, pou fè fòs brital Depatmandeta te anonse depi lontan an, rive debake nan peyi a pou vin kwape rès kapasite Rezistans mas yo, pou fasilite jwèt eleksyon pikekole a rekoumanse.
Kidonk, revèy pèp la nan evènman Bwakale a deranje anpil mizanplas mafya entènasyonal la te fè atravè Gang yo. Li nesesè pou yo pran lòt dispozisyon pou re-òganize fòs represif yo sou teren an. Se pa yon aza si yon jou apre pasaj Goutyerès la, Gang nan plizyè zòn nan peyi a ap anonse alyans ak rekonsilyasyon nan mitan yo pou yo vin pi efikas nan travay la. Fòs etranje p ap gen misyon vin elimine Gang menmsi yo ka griye kèk tèt depon pou rezon politik pa yo. Ositou, kòm Nasyonzini se paravan pou politik ameriken an toupatou, yo avili tèt yo nan peyi kote yo pase nan menm vitès ak degradasyon imaj peyi Etazini. Pèp la ak pwogresis ayisyen yo deja avèti ke solisyon pou ensekirite ak lòt pwoblèm yo dwe soti anndan kapasite mas pèp la pou l òganize l nan Mobilizasyon Pèmanan an pou l retire peyi a nan malè ameriken ak Core-Gwoup ap foure l chak jou piplis la.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Nan Kan Popilè a!
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 10 jiyè 2023.
Vwa Rezistans Popilè 85