Nan dat 30 oktòb 2022 a 6 zè diswa tapan, nouvèl la tonbe Lula repran pouvwa nan peyi Brezil pou yon nouvo manda. Malgre vizaj la pa nouvo sou sèn politik la, moun pat ka imajine ke pèp peyi  Brezil t ap jwenn enèji pou repran kontwòl desten yo ak sa ki t ap pase nan zòn nan pa gen lontan desa. Koudeta espektakilè oligachi lokal ak entènasyonal la te reyalize sou Pati Travayè Brezil la sa gen sèlman 6 lane, te kite yon santiman enpwisans ak degou kay anpil pwogresis ki t ap konstate kouman gwo tanpèt neyofachis la t ap ravaje soukontinan Amerikdisid la. Yo tante destabilize Maduro OVenezyela, yo fè koudeta nan Bolivi, yo achte pouvwa nan Ekwatè kote yo pouse do Prezidan Koreya yon pwogresis nan ekzil,  yo fè koudeta kont Prezidan Dilma Rousèf Obrezil, yo mete Lula nan prizon, yo te nan wout pou transfòme soukontinan  sa an yon senp kontwa enperyalis tankou lontan. Sepandan, kalite òganizasyon ki nan baz chanjman politik ak sosyal nan zòn nan, pèmèt pèp yo rebondi toupatou, e “Somè Amerik” ki sot òganize Ozetazini an 2022 a,  bay apèsi sou kouman anpil peyi nan kontinan kase kòd ki te mare yo nan pye tab tontonsam nan. Nou lwen aplikasyon Deklarasyon Monroe ki te ba Etazini dwa piye richès peyi Amerik la, e mas pèp Amerikdisid yo ak peyi Nikaragwa pran devan ak lanbi revòl la ak lespwa rès pèp Amerik Santral ak Karayib la pral swiv tras yo.

 

Nan diskou 30 oktòb apre yo te fin pwoklame ke se li ki genyen eleksyon yo, Lula te baze sou zak li te poze lè l te Prezidan, pou l trase wout politik ak ekonomik Brezil pral swiv nan lane k ap vini yo. Li site “CELAC “(Communauté Etats Latino-americains Et Caraibes), Mercosur ( Mache Ekonomik Sidamerik ) ak BRICS, pou  l bay lide sou kijan peyi Brezil pral konfime tèt li kòm puisans rejyonal. Pawòl Prezidan peyi Brezil p ap inosan. CELAC se yon òganizasyon politik tounèf san Etazini ak Kanada, ki gen anbisyon vin ranplase LOEA ki deja sou kabann Lanmò. LOEA ki se yon enstriman politik nan men Etazini, reyalize twòp move zak nan peyi ki nan kontinan pou l ta espere gen kapasite kontinye jwe  wòl yo te ba li a. Yon nouvo lidèchip ap degaje nan Amerik la, Brezil pare pou l jwe gwo wòl akote peyi tankou Meksik pa egzanp, pou tante leve imaj ak defi tout kontinan an paske Etazini fayi nan wòl lidèchip li. Lula pale sou koze mache lib Sid-Ameriken an nan monè lokal yo, li nonmen BRICS ak kouman l konte ranfòse Kowoperasyon Brezil ak peyi Afrik e Karayib yo. Konsa, ak yon mache 450 milyon moun anviwon, 2 peyi nan G20, mete sou potansyèl ekonomik peyi tankou Kolonbi, Venezyela, Chili osnon peyi Perou, Amerikdisid gen mwayen enpoze tèt li kòm yon pòl ekonomik ak politik non neglijab sou sèn entènasyonal la. Etazini ak Linyon Ewopeyèn avèti, batay la pral angaje pliske peyi nan soukontinan sidameriken an pa antann retounen anba dominasyon Etazini ak Linyon Ewopeyèn.  Brezil nan BRICS, Ajantin ak Venezyela kandida pou foure tèt yo nan gwo espas ekonomik ak  politik sa, Amerikdisid gen gwo avni devan l. Donk, Brezil gen mwayen pou al chache pwofite sitiyasyon delika ameriken yo, pou l enstale tèt li kòm yon gwo lidè rejyonal, pou chanje konfigirasyon Amerik la.

 

Ki Leson Ayiti Ka Tire Nan Sa K ap Pase Nan Soukontinan Amerikdisid La?

 

Depi gwo evènman politik nan peyi Venezyela yo, moun remake kapasite òganizasyonèl pèp ki nan zòn nan, atenn yon nivo èkstra- òdinè. Kantite vòl lajan ak lò peyi Venezyela, tantativ asasina, presyon militè ak politik oksidan neyofachis la egzèse sou Venezyela, pou l abandone chimen demokrasi popilè a, pèp la kenbe tennfas. Koudeta ki bwè lwil nan Bolivi ak Brezil la, montre batay twaka syèk pèp yo nan zòn nan ap mennen pou libere soukontinan an, pote fwi, donk rezistans pèp yo nan tout Amerikdisid la pa yon aza. Toupatou nan zòn nan, yo monte gwo fòs sosyal lokal ak rejyonal nan yon batay antikolonyalis klè. Yo rasanble anpil peyizan nan yon òganizasyon peyizan lokal ak rejyonal solid ” Kanmpesino” ak revandikasyon klè anfavè popilasyon peyizán nan. Mouvman sa, k ap charye yon lide nasyonalis anti-enperyalis, rive sèvi baz Alyans politik nan tout rejyon an. Yo monte fwon politik laj nan tout peyi nan kontinan, pou al pran pouvwa politik la sou teren elektoral la. Yo vize jesyon politik la apre priz pouvwa a nan mete Alyans laj antikolonyalis yo sou papye ak konpwomi preyalab, pou pran pouvwa san zam olye y al tonbe nan yon konpwomi fòse apre yo ta fin rive nan pouvwa a. Malgre frajilite Alyans yo, koudeta enperyalis yo toujou parèt anfas tout milyon moun ki antre nan konsansis la. Konsa ak entelijans, Lula chwazi yon demokrat adwat ki onèt nan gwoup Bòlsonaro a, Alckmil Jeraldo ki  te anfas li nan dezyèm tou eleksyon 2002 yo kòm Vis Prezidan l, e Jeraldo ki te ansyen gouvènè Saopolo, gen  yon baz politik sifizan ki ba l kapasite divize òganizasyon politik nan dwat Brezil la. Donk zafè Lula a, fè wè ke nan  moman kote oksidan neyofachis la dispoze itilize mansonj ak zak sabotaj pou detwi tout moun yo pa ka kòwonp, li enpòtan pou tout militan ki nan batay kont kolonyalis yo kenbe onètete ak entelijans yo, pou yo rive toujou gade konfyans mas popilè yo.

 

Kidonk, retou Pati Travayè a nan pouvwa Brezil la, montre nan ki nivo sosyete nan soukontinan Amerikdisid la òganize. Se pou  tèt sa, batay politik yo pral ogmante nan Amerik ak Karayib la paske Brezil se yon nouvo fòs politik ak ekonomik ki pare pou l reklame espas pa l nan sa k ap fèt sou kontinan an. Nan diskou 30 oktòb 2022 a, Lula di Brezil twò gwo pou l okipe ti espas sa sou echikye mondyal la. Pawòl sa yo vize dirèkteman Amerik Latin e Karayib la pliske òganizasyon CELAC, te deja bay mach aswiv la. Konsa, Brezil ka mwen awogan, men li pral parèt ak vize ejemonik pa l pou l vin domine kòm yon nouvo mèt nan kontinan. Donk lit enfliyans jewopolitik la pral pi mangonmen pliske Brezil dwe trennen nan do l ekip BRICS la kòm parapli politik ak ekonomik. Nan batay pèp ayisyen ap mennen an, chak jès solidarite ap konte. Deklarasyon Prezidan Lula ki di Brezil dispoze resevwa plizyè santèn milye ayisyen anreyaksyon ak atitid rasis e kriminèl dominiken yo, antre nan yon liy politik klè vizavi peyi Karayib yo. Pwogresis ayisyen yo pandan y ap kontinye òganize tèt yo nan mitan mas popilè yo, dwe panse sou kijan jefò ap rive fèt pou itilize fenèt opòtinite solidarite sa, ki pral louvri nan Amerikdisid la ak Prezidan Lula nan tèt peyi Brezil. Konsa, li enpòtan pou òganizasyon politik pwogresis yo sou teren an koumanse reflechi sou kijan pou retabli kontak ak òganizasyon brezilyen ak Amerikdisid yo, pou ranfòse kapasite yo nan mobilizasyon an pa bò isit.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, Vwa Rezistans Popilè No57

26 desanm 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here