Asosyasyon kominal Tèt Kole Marigo ak yon komite pilotaj li mete kanpe pou prepare pen ki fèt ak pwodui lokal, òganize jedi 6 févriye 2025 la nan tèt kole ak Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL), yon jounen pòt louvri pou prezante bay piblik la yon seri pen ki fèt ak pwodui lokal.

Pen sa yo fèt ak farin lam veritab, farin manyòk, farin mayi, patat ak pòmdetè. Pen sa yo gen ladan yo 75 pou san pwodui lokal epi 25 pou san farin ble. Men anvan lontan yo konte rive bay yon seri pwodui ki fèt ak san pou san pwodui lokal.

Gen anviwon 250 moun ki te patisipe nan jounen pòt louvri sa ki te fèt nan lokal boulanjri Pen Lakay ki nan lokalite Ravin Sèch toupre vil Marigo.  Majorite patisipan yo se te elèv ki te soti nan plizyè lekòl ki nan komin Marigo. Apre sa te gen plizyè manm òganizasyon ak lòt sitwayen ki soti nan plizyè komin nan depatman Sidès la ki te vin patisipe nan jounen pòt louvri sa a.

Dapre Lainé Louis ki se manm Tèt Kole Marigo, dirijan Boulanjri Pen Lakay epi kòdonatè komite pilotaj la, aktivite sa fèt pou prezante bay piblik la nouvo pwodui sa yo pou pèmèt moun yo bay apresyasyon yo sou kalite ak gou pwodui yo pou gade ki koreksyon ki merite pote pi devan. Lòt objektif eksperyans sa, se mete an valè kilti peyizan yo fè nan zòn nan. Se pou sa dirijan yo konte fè lòt pwodui tankou : pidza, gato, ponmkèt pou mete sou mache a.

Kòdonatè komite pilotaj la envite popilasyon an pou li konsome pwodui lokal yo. Paske majorite pwodui enpòte yo gen anpil pwodui chimik ladan yo ki pa bon pou sante moun.

Plizyè patisipan nou pale ak yo montre yo satisfè sou pwodui yo. Genyen tou ki fè kèk pwopozisyon pou amelyore kalite pwodui yo.

 

 

Guy Numa depi Marigo depatman Sidès, 7 fevriye 2025

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here