Yon dizèn òganizasyon nan mouvman Sosyal Ayisyen an pote kote ak plizyè santèn Peyizan nan yon Fowòm/ konferans ak deba sou dappiyanp k ap fè sou venn tè Peyizan yo nan depatman Nò ak Nòdès 8 ak 9 jen 2023 a.

Okay,10 jen 2023

Plizyè òganizasyon peyizan kou enstitisyon tankou: Tèt Kole Ti Peyizan, Mouvman Peyizan Papay (MPP), MOPDES, KPSKBM, Kolektif Jistis Min (KJM), ICKL, SOFA, POHDH, SAKS ak PAPDA reyalize yon dividal aktivite pou denonse menmiz grandon yo sou tè peyizan yo nan zòn gran Nò a jedi 8 ak vandredi 9 jwen 2023 pase a daprè youn nan òganizatè yo ki reponn kesyon radyo Montagna samdi maten 10 jen 2023 a.

Fowòm/ Konferans deba ak mobilizasyon sa a fèt nan objektif pou sansibilize popilasyon an piplis sou nesesite pou yo mobilize kont dappiyanp k ap fèt sou tè Peyizan nan rejyon Nò a kou sa ap fèt lòt Kote nan peyi a. Sa ki mete yon pwen entèwogasyon sou dwa lamanjay nan peyi a epi kase ren sektè peyizan an ki pa jwenn ankadreman ak entran agrikòl pou yo kontinye travay tè sa yo.

Aktivite a te reyalize nan Savanolèt, yon kominote nan Prevwayans, Komin Wanament, kise yon Koloni agrikòl Leta ayisyen te mete anplas pou resevwa plizyè milye peyizan ayisyen ki te viktim nan masak 1937 la nan Repiblik Dominikèn. Lane 2006 gen yon endividi k ap viv nan peyi kanada Gerald Joseph ki di paran li gen nan tè a men jiska jounen jodi, li paka bay prèv. Nan lane 2014 Estime Saint Juste ki di l achte nan men Gerald pral kraze plis pase 200 kay, touye plizyè peyizan , arete mete nan prizon san konte sa ki mawon.

 

Plizyè santèn patisipan aprè premye jounen an te pwofite manifeste nan lokalite a pou mande INARA replase peyizan yo sou bitasyon yo epi bay peyizan mwayen. Yo denonse arestasyyon pil kamarad yo tankou: Louis Felix, Milius Pierre, Présome Lavilis, Edner Petit -Frère lajistis fòs Kote a arete yo, flanke yo nan prizon ak egzije pou mete anba kòd tout vòlè tè, dechoukè, machann dezagreman k ap mache mete yo deyò sou tout espas tè manman ak Papa yo te mouri kite pou yo pou vin enplante tout kalite zòn franch.

Nan dènye 15 lane sa yo, atak sou peyizan yo, arete oubyen asasinen yo vin pi dri toupatou nan peyi a. Se pou òganizasyon yo marande fòs pou fè echèk ap politik anti peyizan, anti pèp sa a.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here