Fòse plizyè Lekòl lage, kreve kawotchou machin, antre nan biwo Leta kou nan lakou bank, moleste sitwayen yo, bloke wout ak kamyon, Kamyonèt, polisye ap tire anlè epi bese ranmase po bal yo se konsa mouvman pwotestasyon polisye sou moto akonpaye ak aktivis politik kou chofè taksi dewoule nan 3zyèm vil peyi a, jounen vandredi 27 janvye 2023.

 

Okay, 27 janvye 2023

Jan nouvèl la t ap soufle depi ayè jedi 26 janvye 2023 a ki te fè konnen polisye yo pral frape pye yo atè, fèt jodi vandredi 27 janvye a. Li te bò 8tè 30 konsa nan maten, lè yon douzèn polisye sou moto, defile nan vil la anvan yo te koumanse mouvman bloke wout yo, mete drapo demi ma nan komisarya kou pòs yo daprè sa radyo Montagna konstate.

 

Sou moto ak mas nan je yo, polisye yo ak inifòm oubyen mayo ki make lapolis , jilè pa bal mete antravè kèk kamyonèt, kamyon bloke pon Lilèt, kwa 4 chemen, boulva 4 chemen an, kafou Simon kou lòt kote nan vil la epi mache fèmen enstitisyon prive kou Leta yo nan komin lan. Mouvman sa a paralize aktivite yo nan vil la kou transpò piblik la pandan mwatye jounen an.

Mouvman sa a sanble se pou pwoteste kont Leta ki pa mete materyèl enstitisyon an ta gen bezwen pou fè fas kare ak eskadwon lanmò Leta a k ap asasinen ajan polis yo oubyen pou pote solidarite yo bay 18 frè zam yo ki Kite po yo nan afwontmam ak gang oubyen tonbe nan anbiskad yo pou sèlman mwa janvye a ki poko menm fini. Pandan tout boulinen sa a, okenn nan polisye pwotestatè yo pa t lache yon mo nan mikwo laprès.

 

Pou kèk obsèvatè ki pale nan mikwo radyo Montagna di yo pa konprann rezon ki mete polisye yo nan lari a. Daprè sa yo tande se  pwoteste y ap pwoteste kont sitiyasyon difisil konfrè zam yo ap viv nan peyi a ak pou mande pou otorite yo ekipe enstitisyon an yon fason pou yo ka rive fè travay yo nan pwoteje ak sèvi. E yo menm, kisa yo pral fè kont ensekirite a ki tounen yon flewo nan kò sitwayen yo?

 

Pou anseyan sa a, gwo popilasyon an pa dwe antre nan jwèt koken polisye yo ap fè nan Okay kou nan lòt komin yo. Mwa pase yo, lè gwo popilasyon an te nan lari a kont ensekirite, lavichè, kidnaping ak kont grangou bayawonn lan se bonbade inite tankou UDMO, CIMO ak BLTS t ap bonbade yo anba gaz, blese yo kou touye yo ak kout bal. Kisa koukou te fè pou frize konsa?

 

Selon jenn fanm sa a, se kounye a pou Lapolis montre fòs yo. Se pou yo al afwonte gwoup paramilitè yo nan komin Tibiwon, Kwadèboukè, Latibonit, Pòtoprens… Li di li konstate kèk Kote Kouman polisye kagoule yo ap bat sitwayen ki pa asepte ba yo kle machin yo. Dan pouri gen fòs sou bannann mi.

 

Nan jan sitiyasyon an ye la, se pou gwo popilasyon an kontinye mobilize l. Se sèl fason sa pou l rive jwi dwa li yo.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here