Vwa Rezistans Popilè (No40) : Goumen San Pèp La, Se Yon Batay Pèdi Davans.

Anba direksyon “Core-Gwoup “, yon pouvwa neyokolonyal enstale nan Primati sou kontwòl Mateli ak Aryèl Anri, ki gen misyon kolabore ak Gang Milis yo pou masakre popilasyon an, kreye lavichè, rann li lavi enposib, pou kase mobilizasyon pèp la. Apre Donal Trump te fin voye mèsenè ameriken ak zam, pou ame e antrene Gang PHTK nan tout peyi a, mezi ki te pran bòkote pèp la, pou lòk peyi a kòm desizyon otodefans, pat sifi pou kwape Gang Milis yo ki kontinye jiska prezan, ap simen dèy devan pòt tout moun nan sosyete a. Ositou, lajounen kou lannwit zam ak minisyon ki soti nan bato ak avyon peyi ki nan “Core-Gwoup ” yo, ap antre pou alimante Gang Milis yo, ki dwe kontinye travay kidnape, vyole, touye moun anba je konplis “Core-Gwoup ” ak gouvènman antinasyonal la. Konsa pou pèp la rale souf, nan pwochen etap batay la, li enpòtan pou mas popilè yo ranfòse baz òganizasyonèl yo, bay tèt yo fòmasyon nesesè, pou prezans yo vin pi efikas sou teren politik la nan yon mobilizasyon pi aktiv,  pou yo rive nan rezilta yo swete a. Poukisa?

Apre eleksyon Lavalas 1990 la, “Bourik Chaje ” , yon anbasadè ameriken te di: ” Apre Dans Tanbou Lou “. Anpil moun te entèprete pawòl sa jan yo pito, men deklarasyon sa te vledi tou, priz pouvwa diferan ak jesyon pouvwa. Yon gwoug ka pran pouvwa ak zam osnon nan eleksyon san afiche l kòm lèdmi tèl ou tèl klas sosyal done. Sepandan, denpi l koumanse poze zak ekonomik ak politik, liy politik li ap parèt klè, pou montre anfavè ki klas l ap vanse, e l dwe atann li ak reyaksyon klas opoze yo. Donk, jesyon pouvwa toujou fèt anfavè yon klas sosyal e klas sosyal sa dwe toujou sèvi baz dapwi pou li. Mond lan transfòme, pèp nan tout kontinan ap reklame lavi miyò. An Afrik, komisyon devlopman kominotè afriken pwoteste kont lwa Kongrè Ameriken pran ki di tout resous ki anba tè nan peyi nwa yo, se pou ameriken. Li baze sou deklarasyon peyi Lend, Iran, Venezyela, Lachin, Larisi ak Ajantin te fè,  pou kalifye lwa Kongrè ameriken sa, tankou yon zak teworis ekonomik, pou l denonse atitid awogan ameriken yo. Konpòtman manm komisyon an fè n konprann ke mobilizasyon pèp yo, ka fòse dirijan politik yo mete timoso diyite nan vizaj yo, pliske li te ra nan lane ki sot pase yo,  pou te trouve dirijan afriken k ap pran risk ak gwo pawòl sa yo. Nan Amerikdisid la, tout pèp yo debou pou kase enfliyans neyokolonyalis yo nan soukontinan e kreye kondisyon pou se pèp yo ki pran desten yo anmen. An Ayiti, mobilizasyon pèp la anreta paske peyi kolonyalis yo te deja monte kwalisyon “Core-Gwoup ” pou dirije peyi a tankou yon koloni, kote

yo dekapite l antimoso, yon pati pou Kanada, timoso pou Lafrans e rès la pou kolon Ameriken yo. Konsa, yo mennen Ayiti nan yon katastwòf kote yo òganize eleksyon fomamit, mete Gang, simen kawo pou rann peyi a envivab. Katchouboumbe a pwofon, e sosyete a rete toutouni, san mwayen pou l reyaji kont piyajè yo.  Jodi a mas popilè yo rete kòm sèl lasdatou, ke pwogresis ki  nan peyi a ka itilize pou fè kan mafya ki konpoze ak Gang PHTK, oligachi a e “Core-Gwoup ” la, rekile. Pou sa fèt, pwogresis yo dwe akonpaye mas yo, òganize yo e ride yo mete disiplin nan travay difisil sa ki mande pou rasanble fòs, chache fikse objektif, mobilize pou pran pouvwa, e rete mobilize pou fè egzekite objektif yo.

Kidonk, tout chanjman gen yon fòs motè nan baz li kòm lokomotiv tankou lwa fizik yo kòmande l la. Chanjman sosyal yo tou, toujou gen yon gwoup osnon yon klas sosyal k ap charye l. An Ayiti, chanjman demokratik la dwe jwenn fòs li nan mitan mas popilè yo. Nan yon moman kote peyi enperyalis yo rantre tèt yo nan yon liy fachis, fòs pwogresis yo p ap gen avni si yo pa fè kò ak mas popilè yo. Nan Bolivi, yo fè koudeta pou chase kamarad Evo Morales nan pouvwa, pèp la mobilize, enperyalis yo bwè koudeta a; Ovenezyela, Ewopeyen ak Ameriken deside fè koudeta kont Prezidan Maduro, pèp la mobilize, malgre soufrans, kamarad Maduro kontinye kenbe flanbo lespwa pèp Venezyela a. Donk, mas popilè yo se lasdatou tout fòm batay politik, y ap toujou rete yon rozo ki p ap janm kase. Jodi a “Core-Gwoup, oligachi a ak pouvwa Gang PHTK, kondwi peyi a nan yon kalfou malè kote l tounen dezè, tout bagay bloke, aksyon Gang, kidnaping, asasina politik tounen lo kotidyen nan lavi pèp ayisyen an. Mòd operasyon Gang Milis PHTK yo sanble tètkoupe, ak sa k ap pase nan mwayen oryan ou an Afrik kote Eta Islamik ak Boko Aram, ap dekapite moun, menmjan Gang yo pabò isit rantre pran moun nan Legliz pou koupe yo an timoso devan kamera jounalis. Tout kote, peyi oksidantal yo ap montre kouman kapasite kriminèl yo san limit. Se pou tèt sa, pwogresis yo dwe potekole nan òganizasyon mas yo, ride yo simaye baz politik òganize nan tout peyi a, pou asire priz ak jesyon pouvwa apre viktwa mobilizasyon pèp la sou pouvwa Gang PHTK ak Core-Gwoup fachis la.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.

29 dawout 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here