Twou manti pa fon, se pawòl granmoun konn repete pou vize badèkoken k ap voye wòch kache men. Koze sa ka aplike nan sitiyasyon ameriken yo an Ayiti jodi a. Nan moman kote Etazini ak Kanada ap miltipliye swadizan sanksyon kont moun k ap apwiye Gang, Loni revele ke se ameriken yo ki mèt Gang yo. L ap  ba yo zam ak minisyon, founi yo lojistik, pou rann Gang yo pi fò sou teren an.

Anjeneral lè yon sistèm politik ap degrenngole, se tout aparèy ki nan baz sistèm lan k ap tonbe alagraba. Pagen lontan de sa, peyi oksidantal yo te pran abitid prezante tèt yo kòm peyi Paradi.  Se pawòl pa yo ki te verite, se move mès pa yo ki egal libète, yo te konsidere tout peyi ki anfas yo kòm peyi teworis paske nan tèt yo  se peyi enperyalis yo ki pòtdrapo demokrasi. Anpil moun nan diferan kontinan yo te fè pawòl sa yo konfyans paske zafè peyi sa yo t ap mache sou woulèt. Yo te rich pandan tout moun t ap fè yo pase pou peyi beni. Tan ale tan vini,  konplo ki te kontribye nan efondreman Linyon Sovyetik la nan lane 1990 yo pral sèvi tankou lemal pou yon byen. Rido fè a tonbe,  lemond  sanble fè yonsèl, enfòsyon ap sikile sou aktivite tout peyi sou latè, li fasil pou tout moun dekouvri vrè vizaj ak reyalite ki anndan sistèm politik yo. Evènman ki te frape peyi Yougoslavi an 1999 la kote ameriken te pase 73 jou ap bonbade peyi sa san rete, te montre kouman Etazini pa vle rèspèkte ni lwa entènasyonal ni regleman ki anndan Loni, souverènte lòt peyi nan je yo, pa vo po pistach. Se pou tèt sa, li fè Ayiti tounen tòchon pye ak konplisite yon kòlonn domèstik ki nan politik pa bò isit. Nan moman pèp ayisyen nan batay kont mepri ak rasis ameriken yo pou peyi a, Nasyonzini denonse Etazini k ap jwe wòl parenn pou Gang yo an Ayiti nan voye zam ak minisyon pou sipòte aksyon fiyèl yo k ap kidnape, touye moun toupatou nan peyi a. Malgre atitid woule m debò ki nan baz denonsyasyon an, li enpòtan pou n fè yon ti chita sou avilisman an.

 

Twou manti pa fon, se pawòl granmoun konn repete pou vize badèkoken k ap voye wòch kache men. Koze sa ka aplike nan sitiyasyon ameriken yo an Ayiti jodi a. Nan moman kote Etazini ak Kanada ap miltipliye swadizan sanksyon kont moun k ap apwiye Gang, Loni revele ke se ameriken yo ki mèt Gang yo. L ap  ba yo zam ak minisyon, founi yo lojistik, pou rann Gang yo pi fò sou teren an. Anplis desa nou sonje ameriken yo te mete anbago pou gouvènman ayisyen paka achte zam pou ekipe Polis la ak objektif bloke tout rezistans kont mesyedam fiyèl yo. Se yon taktik kolonyalis yo aplike toupatou kote yo gen bandi k ap fè move zak pou yo. Sepandan, pawòl sa pa nouvo pou pèp la, tout moun te deja wè Core-Gwoup la gen konnivans ak Gang yo. Lalim yon amerikèn ki te reprezante Nasyonzini an Ayiti te toujou anrelasyon kole ak Gang menmjan ajan anbasad ameriken gen lyezon dirèk ak Gang Milis yo. Babekyou, poto mitan Gang G9 la, ak imaj foto drapo ameriken li pòste, pajanm kache konnivans ak atachman l nan anbasad ameriken. Administrasyon Biden nan apresye sa. Babekyou te andifikilte sa gen anviwon yon lane, anbasad ameriken te mande chèf pouvwa Gang lan, Aryèl Anri pou l mete presyon pou polisye yo kite Babekyou tounen lakay li nan delma 6, e sa te fèt. Donk konfyolo ant ameriken ak Gang yo pa date jodi a, yo te toujou la. Sepandan denonsyasyon Loni ki vin louvri rido a sou Etazini k ap benyen toutouni an, ap pèmèt pwogresis lemond antye wè pi klè kouman ekip mafya entènasyonal la ipokrit e ke avni pèp yo depann dekapasite yo genyen, pou batay pou Libète ak souverènte peyi yo. Se pou tèt sa, pèp ayisyen an dwe òganize tèt li toupatou nan peyi a, pou l anmezi livre batay  la nan dimansyon konjonkti a mande sa, pou l asire sekirite pitit li, fanmiy li ak tout moun ki nan anviwònman kote l ap viv la.

 

Kidonk, rapò Nasyonzini ki denonse ameriken yo kòm malveyan ipokrit k ap pimpe zam ak minisyon bay Gang Milis yo an Ayiti, pa yon nouvèl sipriz pou moun avize sou sèn politik la. Trump te voye mèsenè ameriken pou te vin antrene Gang yo pa twò lontan desa pandan limaj televizyon t ap montre kantite zam avyon “amerikan airlines”  t ap charye bay twoup Gang yo sou teren an. Kanada, Etazini ak Linyon Ewopeyèn te pran desizyon destabilize Ayiti depi 2001, leve kanpe pèp la nan lane 2018 la kont sistèm dominasyon ameriken yo nan peyi a, sèvi pretèks pou kriminèl yo mete an aplikasyon plan yo te genyen pou demantibile peyi dAyiti nèt alkole. Denonsyasyon Loni an gen valè l, lè l montre degre ipokrizi ki karakterize politik ameriken an. Ansanm ak Kanada y ap pran sanksyon kont moun ki swadizan ap kolabore ak Gang, alòske ankèt ak rapò Loni montre ke se Etazini ki parenn tout Gang yo sou teren an. Enfòmasyon sa yo dwe vin ranfòse konviksyon pwogresis yo, pou pèp la kontinye pa mete konfyans nan ekip mafya entènasyonal la. Ajennda piyajè asasen yo depaman ak enterè peyi a. Kle batay la se mobilizasyon pèp la toupatou, pou l rive kwape Gang yo pou retire Ayiti anba grif ipokrit ameriken yo.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè(No68)

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 13 mas 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here