Youn nan dosye jistis nou ap suiv nan dènyè 4 mwa sa yo, ralanti sou kous li. Daprè sa nou jwenn, dosye asasinay 3 jenn gason nan komin Disis la jwenn obstak bò kote direksyon Sid PNH la.
Okay, samdi 9 out 2025
Aprè arestasyon 2 prezime lotè zak la: Gladimy Moïse alias Ti Sergo ak Jonil Noel nan kad ankèt k ap mennen nan dosye 3 asasinay anba yon ponp gazolin nan Disis, gen plis pase 15 jou bloke akòz Direktè Sid PHN la, Allande Serge Jolicoeur pako deside mete responsab SDPJ a aladispozisyon lajistis.
Selon sa nou jwenn, se depi lendi 21 jiyè 2025 pase a, pou responsab la te al douvan jij la men pou rive nan dat sa, l ap gade jij la nan je. Eka 15 jou ap monte san repò, san kominikasyon gen anpil konsekans sou fason dosye a ap avansman, sa dwe pouse nou kesyone atitid lantè Direktè PHN-Sid la. Kisa avoka prezime kriminèl yo di? Si nou kwè yon sous, mèt avoka Joseph Josias Jean Pierre pito ap rale lòt koze ki pa makònen ak dosye a olye li manyen konpòtman Allande Serge Jolicoeur ki anpeche Majistra Sëide kontinye tande tout moun li jije enpòtan nan kad dosye louch sa. Kòm avoka, li pa ka pa konn enfòmasyon sa yo amwenske li pa pase nan kare jij la oubyen li ap kapitalize l sou yon lòt dosye.
Nou ap raple, zak 3 sasinay sa yo pase nan dat madi 25 mas 2025, anba ponp gaz ki nan mache Disis la. Se te nan lokasyon selebrasyon 4 lane monte Disis nan ran komin yon gwoup sitwayen te pwograme anbyans DJ sa a. Daprè enfòmasyon yo, bò 6zè konsa, yon machin zo reken nik parèt , mesye yo desann epi louvri kout zam sou 3 viktim yo: Pierre Paul Leonscas, Faby Dorestant ak Evens Dorvil te mouri sou plas. 2 te akonpaye DJ a ki sot Okay (blòk savann lan) epi lòt la se pitit komin Disis.
Mannèv pou fè tan pase se yon pratik nan sistèm jidisyè Ayisyen an pou kwape travay ankèt yo nan bouye, elimine tout pis sou krim yo si l kontinye enstui l oubyen pouse Jij la depòte l pou mank mwayen kou obstak. Fè lantè ou pa, DDS- PNH la p ap ka kenbe lontan nan pa reponn korespondans Majistra a nan dat 15 jiyè 2025 pase a ki bezwen tande responsab SDPJ a pou plis detay sou zak egzekisyon kolektif sa.
Maks – Enmbèr Marslen
RTM