Ensekirite/Pwotestasyon: Yon mouvman grèv anplis nan Gran Sid peyi a pou pouse responsab yo debloke Matisan.

 Okay, 29 me 2022:  2 mwa aprè gwo manifestasyon istorik 29 mas 2022 pase a nan vil Okay, sektè transpò ak komès la swete wè popilasyon Gran Sid peyi a pa pran lari Madi 31 me a pou rive mèkredi premye jen 2022 a, bò minwit pou pote kole nan yon mouvman manch long ki pote non “lari blanch” ak yo.

 Fergusthon Calixte, pòt pawòl Rasanbleman Komèsan Sid (RKS) yo nan yon pale li fè ak Radyo Montagna di se komèsan 4 Depatman ki nan blòk Sid kapital la- soti kafou pou bout nan dènye pwent Grandans, Nip, Sidès ak Sid- l k ap kanpe ak tout aktivite yo pou kontinye mande pou Matisan debloke oubyen dezokipe l ak bandi yo. Inisyativ sila jwenn sipò sektè transpò a atravè APCH kise Asosyasyon Pwopyetè ak Chofè Ayisyen  ak diferan lòt gwoup ki asire transpò nan Gran Sid la .

Pou zafè se ak kè kase sitwayen yo ap antre nan kapital la oubyen negosye ak bandi pou pase a fòk Leta mete yon fen nan sa a. Pa dwe gen zòn sitwayen yo pa gen dwa pou sikile Jan yo pi pito.

Premye jen 2022 sa a ap fè 12 mwa depi blok Matisan sou kontwòl eskadwon lanmò yo. Yo kidnape, fouye, brake, sezi kamyon, machin,, fè kadejak, touye sitwayen yo, elatriye. Sitwayen yo paka sikile jan yo ta vle nan peyi a. Bò kote Komèsan yo menm gen plizyè ki antre nan konivans ak bandi yo pou kamyon machandiz yo ka pase kou konpayi transpò modèn yo ki andeyò ministè afè sosyal ògmante pri tikè  otobis yo soti 750 goud pou 1000, 1500 goud swa 75%  anplis yon fason pou peye bandi yo. Yon krim anplis.

Nan mwens 12 èdtan grèv sa a ap antre annaplikasyon. Nan sant vil Okay la, tout bagay ap fonksyone san pwoblèm. Pou jan nivo ensekirite a wo, lavichè a, grangou ap koupe fyèl twaka moun nan peyi a, si gwoup òganize yo pa marande kò yo pou yo fè yon pote boure kont mòd Leta kriminèl sa se yo k ap kontinye viktim aksyon eskadwon lanmò Leta a.

 

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here