6 jou aprè briganday ajan UDMO yo nan « Promo Bar » sou Dexia, blòk Nòdwès vil Okay, Lajistis ak Lapolis pa pipe mo sou kantite moun ki blese anba bal kou lòt dega.

 Okay , samdi 27 septanm 2025

 Plis pase 20 po bal gwo ak ti kalıb, yon bonbòn gaz lakrimojèn ranmase apre yon bakòp lapolis te fin debake nan lokal Pwomo Bar la, lannuit dimanch 21 septanm pou lourvi lendi 22 septanm 2025 pase, bò minwi konsa.

 

Daprè yon sous radyo Montagna fè konfyans, aksyon an te fèt ak fraka apre 2 jenn gason te fin gen yon bouch louvri jouk yo met men ant yo epi te kite espas la. Youn ladan yo, polisye UDMO a, Yvens Mathias te rele frè zam li yo pou te vin pote l sekou ak Ricardo Ben aka Tichito. Men se kontrè a ki fèt. Bakòp UDMO a te pito debake epi bloke pòt antre biznis lan, voye gaz ak pete bal anlè kou nan wotè moun nan yon espas ki te gen plis pase 200 moun. Menm yon machin ak plak lokasyon ki te douvan lokal la pa te epanye ak tout bal, pano solèy bar la kreve ak bal … Dega yo anpil. Yon aksyon ki sanble kou 2 dout dlo ak aksyon eskadwon lanmò nan viv ansanm lan.

https://radiotelemontagna.com/eske-lapolis-ta-dwe-sevi-obstak-pou-lajistis/?fbclid=IwQ0xDSwMFoMJleHRuA2FlbQIxMQABHn0RoP0wdL9byIE9aSKDN5F6616JiQuw6P9e4c9h9hhgNVTggt_sWnfJ2rpt_aem_5Xj8wg6v862Q-iMZJNYRSg

Kèk èdtan aprè selon yon sous nan lapolis la, mèt biznis lan te al reponn anketè nan SDPJ yo pou plis detay sou sa ki te pase a. Antretan, nan yon nòt Direksyon « Promo Bar and Grill » la mete deyò, jedi 25 septanm 2025 lan, eskize l bò kote zanmi, kliyan ak patenè li yo pou zak li pa lakòz ki pase a. Direksyon an di, li pral pran tout dispozisyon pou anpeche kliyan yo viv move moman sa yo.

Pouki lapolis pa soti yon nòt pou klarifye sa k pase a? Ki mezi Direksyon PNH la pran kont polisye tapajè sa yo? Kisa Direkè PNH – Sid la, Serge Allande Jolicoeur ap di ak moun ki pran bal yo kou lòt ki kouche ak pye yo kase? Èske se konsa kredo lapolis « Pwoteje ak Sèvi » a jwenn aplikasyon l?

Yon lòt kote yon gwo dife eklate nan magazen « Nira Variété » a byen ta nan aswè madi 23 pou louvri mèkredi 24 septanm 2025 lan, kankannen tout sa ki te andedan l.

Malgre prezans kò ponpye Ayewopò Antoine Simon an kou kò ponpye Lameri Okay la yo pa te ka bese pisans dife a epi se dlo sèlman ki t ap lanse san lòt mwayen. Ki pwodui ki ka bay dife sa a ki te estoke nan magazen sa? Pou jan ponp gazolin marye ak estasyon gaz pwopàn, izin vetivè ap enplante toupatou nan komin Okay la, sitwayen yo ta dwe koumanse enkyete pou lavi yo jou ta gen yon eksplozyon.

Daprè youn nan pwòch viktim lan kou pwopriyetè a, dega yo anpil san mete yon chif sou dividal machandiz ki te nan magazen materyo konstriksyon, sanitè, manajè, elatriye a, ap tann mo lapolis ak lajistis pou bay orijin dife sa a ki mete pwopriyetè a, Nicodeme Raphaël nan gwo lapenn. Toutfwa pwopriyetè a fè konnen li pa kwè se yon aksyon kriminèl sou baz li se moun tout moun. Poukisa fuit anavan sa? Eske se pa yon pas tou gòl pou otorite yo ki te deja manfouben?

Si responsab bar la ak magazen an pale ak laprès men zotobre yo sitou nan Konsèy Sekirite kominal Okay la pa pipe mo. Èske silans sa a vle di lajistis ak lapolis ap tann toujou oubyen se kite y ap kite tan pase pou dosye  yo soti nan lopinyon? Konsa sitwayen yo p ap janm konnen kisa ki te rive nan 2 dram sa yo.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here