Donk, lè Linyon Ewopeyèn, Etazini ak Kanada te chwazi retire souverènte Ayiti a, pou ba Core-Gwoup dwa jere ekonomi ak zafè politik peyi a, yo te deside nan tèt yo pou trete pèp ayisyen andemi esklav. Yo pran desizyon diplomatik yo nan plas pèp la, yo prepare kontra y ap pran pou tèt pa yo ak valè lajan yo deside, pou piye richès peyi a. yo lage pèp ayisyen an nan yon mizè debwabalan.

 

Nan mitan Core-Gwoup la, peyi ki nan katèl mafya a ap fredone yon chanson konsansis total nan ran ayisyen yo, pou rive chwazi yon moun ki pou jwe wòl Prezidan pòtre nan Palè Nasyonal, pou al valide Eleksyon maskarad  yo vle reyalize nan peyi a. Mesyedam badèkoken ki nan kan mafya, panse yo gen kapasite pou woule tout moun nan farin lè yo vle e jan yo vle. Poukisa? Paske yo pran fre yon lespri Inite ak Solidarite k ap jèmen nan mitan mas yo sou beton an, e yo konnen Inite anndan mas popilè yo ka kondwi nan liberasyon peyi a. Pou limite dega kont sistèm dominasyon ki anba kontwòl  yo nan peyi a, y ap chache kraze mobilizasyon an atravè pawòl dyalòg la. Yo tout, te bliye koze konsansis ak dyalòg apre asasina Jovnèl la, aloske se te yon moman kote enterè nasyonal la te mande konpwomi.  Pou te ranplase domèstik la, Manzè Lalim ak anbasad ameriken t al ranmase yon sèten Aryèl Anri ak yon tweet san pèsonn pa t okouran, pou ba l wòl jiwèt nan Primati anba kontwòl Core-Gwoup la. Ositou, ak zak awogan sa, Core-Gwoup te konfime kouman peyi a anba kontwòl li, malgre bilan jesyon peyi piyajè sa yo kondwi Ayiti nan gwo katastwòf ke tout moun ap konstate a. Yo tabli rezo Gang nan tout peyi a, yo pran kontwòl tout pòs kle nan Leta a kòm eritye lejitim mafya entènasyonal la nan konkonbwèt ak mafya politik lokal la.

 

Se depi kont-revolisyon 17 oktòb 1806 la, lè yo te asasinen Desalin nan, oligachi lokal la rantre nan marinen konplo ak mafya etranje kont peyi a. An 1825, yo ba Lafrans direksyon ekonomik ak kiltirèl peyi a avan yo t al nan konfyolo an 1915 ak Etazini ki te anvayi Ayiti pou kenbe dominasyon yo sou peyi a, pou jouk jounen jodi. Ameriken yo fè piyaj nan tout richès peyi  a pandan yo kontinye tann pi byen chak jou bondje mete, kabann Repiblik Feyodal e Neyokolonyal la  ki  te koumanse ak akò 10 jiyè 1825 lan. Istorikman, oligachi nou  an ak peyi mafya ki nan Core-Gwoup la pajanm nan konpwomi ak mas popilè ayisyen yo. Chak fwa mas yo pran lari pou revandike dwa yo, se ak gwo zam oligachi rèstavèk sa toujou reponn yo. Sa te rive kont peyizan Grandans yo an 1819 ak Goman, an 1844 ak Akao, an 1915 kan anvayisè ameriken yo t ap masakre peyizan yo e apre koudeta militè 1991 lan, kote oligachi sa ak ameriken yo te fè militè poutchis yo asasinen plis pase 5 mil moun nan pèp la.

Donk, lè Linyon Ewopeyèn, Etazini ak Kanada te chwazi retire souverènte Ayiti a, pou ba Core-Gwoup dwa jere ekonomi ak zafè politik peyi a, yo te deside nan tèt yo pou trete pèp ayisyen andemi esklav. Yo pran desizyon diplomatik yo nan plas pèp la, yo prepare kontra y ap pran pou tèt pa yo ak valè lajan yo deside, pou piye richès peyi a. yo lage pèp ayisyen an nan yon mizè debwabalan.

 

Kidonk, devan Rezistans pèp la ki refize pou ameriken yo kontinye trete yo kòm demi esklav, pouvwa mafya ki nan Wachintonn nan ap ajite koze kredi dyalòg ak konsansis paske konjonkti politik entènasyonal la jennen yo, pou aplike metòd brital kriminèl tradisyonèl yo. Y ap fòse pale don swadizan dyalòg ak konpwomi nan zòrèy pèp la, men an reyalite se pèlen peyi kolonyalis yo ak oligachi a ap tann nan pye mas popilè yo. Pwogresis yo dwe konsyan ke enterè Ameriken, Kanadyen, Franse ak Linyon Ewopeyèn nan, totalman òpoze ak revandikasyon pèp ayisyen an. Tout solisyon ki ta satisfè enterè peyi mafya ki konpoze Core-Gwoup sa, ap sèvi pòtmalè pou pèp la. Jodi a, pandan pwogresis yo ak pèp la ap pwopoze pwòp solisyon pa yo pou sove peyi a, modòd la dwe klè; òganize, òganize, pou mobilizasyon pèmanan ak Inite popilè a kontinye jouk nan viktwa final la.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.

9 janvye 2023, Vwa Rezistans Popilè No59 !

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here