Plizyè moun deja pèdi lavi yo ozalantou 4triyèm seksyon kominal komin Disis soti dimanch 17 out pou rive jedi 21 out 2025 pase aprè yo te fin manje yo vyann cheval ki sanble te malad.

 

Okay, 24 out 2025

Daprè yon sous ki pale ak radyo Tele Montagna se nan katye Leblan cheval la te kòche epi chak moun te pran pòsyon pa yo pou al konsome nan baz kote plizyè nan yo koumanse tonbe mouri kèk jou aprè yo te fin manje vyann cheval malad la.

Deja gen 6 moun ki mouri ladan yo yon fanm. Viktim yo gen laj 25 pou rive 60 lane. Daprè sous la, okenn nan viktim yo pa mouri tousuit apre yo te fin manje vyann bèt malad la.

Viktim yo koumanse pran vwal pou peyi san chapo dimanch 17 out 2025 pase a. Premye viktim lan se Tiradyo ensikoni, li ka gen 35 lane konsa, Robert Dieudoné, 60 lane suiv li madi 19 out la pou rive sou Jiro ki mouri nan dat jedi 21 out 2025 pase a pou nou site non sa yo sèlman.

Koze manje vyann cheval nan zòn Fèmleblan an se yon gwo banbòch chak mwa desanm. Pratik sa a gen anviwon 5 lane konsa kote anpil moun adopte li. Men depi yon chwal ta malad kou mouri gen moun ki p ap kite vyann lan pèdi. Èske se mizè a ki lakòz oubyen se lanmou pou kalite vyann lan ki pouse moun yo manje l menmsi li mouri nan kondisyon moun pa rive konprann?

Daprè menm sous la, direksyon Sid- MSPP te voye yon ekip nan zòn lan. Kontakte responsab epidemi nan Direreksyon / Sid – MSPP, samdi 23 out 2025 lan nan telefòn, li konfime pou nou te yon ekip ki te monte Disis men li p ap ka di plis sou sa. Li nik ajoute lendi k ap rive la, l ap remèt rapò l bay Direktris MSPP a, Esthère Dorilma, se li sèl ki ka di nou. Li menm pa otorize pou l di plis. Èske pwoblèm lan pi grav pase sa? Pouki yon pwoblèm sanitè oblije gen tout koze sa? Antouka, nou ap tann rapò sa a si DDS la ap mete l deyòˋ pou nou konnen Kisa ki lakòz tout moun sa yo disparèt konsa nan Disis.

 

Mowo, Lafèm, Peyan, Woukou, nan Dodye, Lasirèt, elatriye gen anpil moun ki te gen vyann kontamine sa. Si pa gen yon kanpay rapid pou mande tout moun ki te manje vyann lan pran wout lopital, moun fenk kare tonbe mouri jan sa koumanse fèt nan seksyon kominal sa a.

Manje vyann cheval, « chamo » nan Nòdès se yon pratik kou pou manje vyann bèf, kabrit, mouton nan peyi a. Li enpòtan pou vyann bèt yo pa malad yon fason pou lavi sitwayen yo pa andanje.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here