Nan yon lèt prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSJP) ekri prezidan Federasyon Batonye yo deklare Konsèy la nan obligasyon pou l pa fè ka oubyen bay avı favorab li ak reprezantan Batona yo epi pwofite mande pou FBH a reprann eleksyon yo.
Okay, samdi 8 fevriye 2025
Plis pase 4 mwa aprè eleksyon Roosevelt Louis , Batonye jiridiksyon Okay la pou reprezante Batona yo nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ), prezidan KSPJ a, Jean Joseph Lebrun deklare Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a jwenn mèt Batonye a gen 2 sanksyon Ministè Jistis te pran kont li, san li pa bay nati sanksyon sa yo. Prezidan KSPJ a rale atik 5 lwa 13 novanm 2007 la pou kore desizyon konseye yo.
Pou kèk avoka nan Bawo Okay la, li te previzib sa t ap rive. Paske depi nan eleksyon l nan Bawo a, dosye revokasyon l nan tèt Pakè jiridiksyon Aken an te ajite. Men blòk oubyen gwoup li te monte a pa t wè agiman lòt kòlèg avoka li yo.
Pou avoka sa yo, KSPJ bay Federasyon Batonye Ayisyen yo (FBH an franse) yon kalòt marasa. Paske prezidan Letang nan dat 16 desanm 2024 te ekri prezidan Lebrun pou te di l, apre eleksyon Batonye Louis nan dat 30 septanm 2024 pase a selon atik 4 lwa 14 novanm 2007 ki kreye KSPJ a, yon komisyon vit vit te kreye pou te analize epi verifye pyès li te bay yo. Aprè verifikasyon, FBH te bay yon avı favorab. Men, Kòm lèt KSPJ a kase avı favorab sa, li klè pa t gen yon travay serye ki te fèt, vin jwenn prezidan Letang se kòkòday ak Batonye Louis.
Poze yo kesyon sou relasyon ki genyen ant FBH ak KSPJ, aktè nan sistèm jistis yo di nou, dekrè ki kreye Batona yo diferan ak lwa ki kreye Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a. Sa ki vle di kondisyon pou yon moun antre nan youn oubyen lòt diferan. Lèt sètifikasyon KSPJ a pa gen rapò dirèk ( otomatik) ak fonksyoman Batona yo paske kritè yo pa menm. Men sètifikasyon sa a gen yon kote moral. Desizyon sa a pral gen yon repèkisyon sou Batona a paske Batonye Roosevelt Louis se premye avoka oubyen papa avoka yo ki dekriye. Èske mèt avoka Batonye a pral retire kò l oubyen se rapòfòs yo ki pral detèmine suit la? Èske Batona Okay la pral lanse yon asanble ekstrawòdinè?
Antouka, daprè enfòmasyon yo, 2 lèt sanksyon sa yo te pran detan mèt avoka Batonye Roosevelt Louis te Komisè Gouvènman nan jiridiksyon Aken nan lane 2018 kote gen moun ki te arete pou zam ilegal, te jwenn liberasyon yo dèyè do lalwa yon fason sispèk. Jou Batona yo jwe wòl disiplinè yo, li klè gen anpil avoka k ap sispann kache andedan wòb nwè enpinite a.
Max – Imbert Marcelin
RTM