Core-Gwoup Ak Pouvwa Gang PHTK, Ap Monte Ensekirite A Pou Jistifye Debakman An.

 

Tankou moun k ap tann yon gwo evènman, popilasyon ayisyen an gen kè l sou biskèt pou sa l ap wè nan je l ak sa l ap tande. Chak jou ki pase, l ap aprann kantite moun Gang kidnape ak valè lòt ki mouri asasinen, pou fè wout pou gwo siklòn ki anonse sou peyi a. Atravè lèt yo te fè l ekri pou mande ameriken debake nan peyi a, tout moun te wè  kapasite rèstavèk san limit pouvwa PHTK ak Aryèl Anri a, pou  yo koube anba demand mèt neyokoloni an. Toutfwa, moun sezi wè kouman yo tonbe nan yon kontradiksyon elemantè, lè yo chwazi siyen papye ak menm gouvènman ameriken an, pou fasilite Etazini depòte ayisyen pabann ak pakèt, pou vin mete abse sou klou nan koze ensekirite anndan peyi a, pandan yo mande fòs etranje pou vin ride yo konbat bandi. Lòt kontradiksyon dròl nan moman, se mèt neyokoloni an, pouvwa PHTK ki fin enstale yon anbyans grèv pèmanan nan peyi a, pou fòse pèp la aksepte mezi FMI yo, e se yomenm ankò k ap pale kesyon fòs militè pou evite dezas. Donk, pouvwa PHTK ak Core-Gwoup ranje tout bagay alavans pou mennen Ayiti nan lokipasyon kote yo vle ale a. Se sa k fè medya oksidantal yo ki te toujou fè silans sou sa k ap pase nan peyi a, tonbe fè bwi brisoukou pou mobilize lopinyon piblik lakay yo sou kouman ayisyen ap goumen youn ak lòt. Ositou, Core-Gwoup aktive Gang ak pouvwa PHTK sou teren an, pou  fè krim ak lòbèy, pou tann kabann pou militè etranje antre nan peyi a. Sepandan, nan kontèks patikilye, kote ayisyen nan lari pou denonse ameriken yo pou vòl ak enjerans, Etazini malgre l fin enstrimantalize pouvwa domèstik PHTK ak Gang yo, chwazi itilize peyi Kanada kòm payas ki pou vin koumande twoup anvayisè yo, pou l evite fè faskare ak soulèvman popilè san pran souf la k ap tann li.

 

Lè Biden te di ” Ki te mele Etazini si Ayiti ta anglouti nan lanmè ak tout moun ki ladan “, nou  te sèlman wè anndan deklarasyon sa, yon Senatè Biden alepòk, ki te rasis. Sepandan, amezi tan t ap pase, nou t ap konprann ke pawòl Biden yo te tradwi tout yon liy panse nan administrasyon ameriken an. Lwa 2019 ki te pran sou Trump, pou militè ameriken al asire sekirite peyi depandan nan objektif kontwole richès anba tè peyi domine yo, sanble tèt koupe ak lwa HR7311 Kongrè ameriken sot vote fen avril 2022 a sou Biden, pou yo kontwole richès tout peyi nwa sou latè. Anplis, tou 2 lwa sa yo ekri sou yon baz rasis, kote yo vize pèp nwa yo paske lwa 2019 la te chwazi Ayiti ak peyi Benen kòm teritwa pou yo fè èksperyans pilòt pou aplikasyon lwa yo. Donk, akote santiman anti ayisyen ki motive gouvènman Etazinyen yo depi apre lendepandans 1804 la, gen kesyon rasis la y ap regle ak pèp ayisyen an. Kantite aktivite k ap deplwaye nan Wachintonn, pou konvenk lòt peyi sou nesesite anvayi Ayiti pou swadizan vin konbat Gang, pandan ameriken yo gen anpil lòt anmèdman nan lemond, rann tout moun souspèk ke yo gen plis bagay y ap vin regle sou teren an. Anthony Blinken al Kanada, yon lòt sousekretè deta desanm nan Dominikani, anpil zangi sou wòch vin fè n kwè ke yo pa t ap pèdi tan yo pou chache rezoud yon ensekirite, yomenm te patisipe pou enstale anndan peyi a. Donk, pèp la dwe trankil, pou l travay sou solisyon ki pi adapte nan moman an, pou l bay repons li nan mobilizasyon an. Patriyòt nan mond lan, pa pare pou yo pèdi libète politik ak ekonomik Eta yo dwe genyen nan chache byennèt anfavè popilasyon peyi yo.  Sosyete yo devlope anpil, kote dekouvèt syantifik ak teknolojik yo pote nan lespri sitwayen yo, yon santiman libète ak pwogrè, ki mete yo nan obligasyon pou defann enterè fanmiy yo, pwòch yo ak peyi yo. Loksidan pase plizyè syèk kote se yomenm ki kontwole Finans, Ekonomi ak politik mond lan, pou yon bilan katastwòf pou limanite. Yo toujou ap chache matyè premye toupatou, pou satisfè endistri lakay  yo. Ayiti ak peyi afriken yo pagen pou sakrifye tèt yo, pou ride peyi kolonyalis aloufa kontinye vòlè sa yo genyen anba tè lakay yo.

 

Kidonk, aktivite krim ak kidnaping ki ogmante nan peyi a, gen objektif teworize popilasyon an, pou fè l aksepte plan ki te marinen, nan laboratwa Etazini depi 2019, pou vin kontwole richès anba tè ki genyen an Ayiti tankou yo prevwa l tou, pou peyi afriken yo. Nan lesefrape k ap fèt ant peyi kolonyalis ki rich ak peyi emèjan yo, pou kontwòl matyè premye, peyi depandan ki posede resous anba tè, trouve yo pyeje nan batay ant 2 blòk yo. Biden vle aplike lwa ki te pran Ozetazini depi 2019, pou yo vin an Ayiti, anba dra asire swadizan sekirite pou ranmase tout richès peyi a. Jodi a yo aktive oligachi a, Gang yo, pouvwa PHTK ak Polis dokipasyon an, pou miltipliye krim, enlèvman, kreye latèrè, pou jwenn kondisyon pou fè fòs militè antre nan peyi a, pou regle zafè yo. Se pou tèt sa, mouvman Rezistans Nasyonal ayisyen an, dwe kontinye òganize l, pou l jwenn repons apwopriye nan matris mobilizasyon san pran souf la. Pwogresis yo dwe kontinye fè kò ak mas pèp vanyan ki se eritye konbatan ki te fè Krètapyewo ak Vètyè a, pou yo jwenn sous enspirasyon nesesè pou rann Rezistans lan pi djanm. Ositou, li enpòtan pou pèp ayisyen an kontinye chache solidarite lòt pèp nan tout kontinan yo, pou l rive kenbe flanbo mobilizasyon an paske Etazini, Kanada ak Lafrans ap pote sèlman dlo nan je, krim, mepri rasis, mansonj ak vòl nan peyi a, tankou yo koumanse fè l an akò, ak Gang yo, pouvwa PHTK anba konplisite oligachi a pou jistifye prezans sòlda etranje sou sòl Desalin nan.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè A Nan Mouvman Rezistans Nasyonal La!

Libète ou Lanmò.

 

Vwa Rezistans Popilè (No49

Foto: AFP

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 31 oktòb 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here