Bòn Ou Movèz Gouvènans, Neyoliberal La Ap Kondwi Tout Moun Nan Simityè.

Nan moman kote gwo siy enkyetid blayi nan kriz modèl neyoliberal la, akoz dezekilib mache emèjan yo kreye anndan sistèm kapitalis mondyalis global la, Core-Gwoup ap preche antant ak pouvwa Gang PHTK/Aryèl Anri a, pou kontinye kalvè pèp ayisyen an. Gwo kontradiksyon ak frakti sosyal k ap bouyi nan vant peyi enperyalis yo, melanje ak siy pozitif moun obsève nan modèl ekonomi ki pa nan liy neyoliberal la nan peyi emèjan yo, pwogresis ak moun ki vle chanjman an Ayiti, dwe reflechi sou yon pwojè ekonomik altènativ pou ranplase plan neyoliberal sa, ki sou wout deraye toupatou nan mond lan, paske rezilta l charye toujou akonpaye ak katastwòf, chomaj, vòl ak kòripsyon. An Ayiti anba lòd FMI ak Bank Mondyal, tout izi n ki te konn bay pèp la travay fèmen, peyi a paka plante danre alimantè, FMI koupe Bidjè sante, edikasyon, li mete franchiz pou oligachi a pa peye taks, limenm ak Bank Mondyal lage Ayiti nan yon politik mare senti pou fasilite boujwazi alojèn nan ranmase richès peyi a pou voye lakay yo aletranje. Konsa, peyi kolonyalis yo apovri peyi a, pandan yo lage Gang PHTK pou detwi tout posiblite sibzistans pèp la. Ositou, li enpòtan pou fòs chanjman yo ta rive nan yon antant nasyonal ansanm ak mas popilè yo, pou pran kontwòl jesyon politik ak ekonomik peyi a anba direktiv yon pwojè nasyonal k ap vize trouve mekanis pou ranplase plan neyoliberal la ak kreye kondisyon pou se pèp la ki chwazi moun ki dwe dirije l. Sa sa vledi?

Depi plizyè deseni , ayisyen dekouvri atravè aplikasyon plan neyoliberal la nan peyi a,  yon nouvo fòm boujwa rapas. Anba je reprezantan FMI ak Bank Mondyal ki nan DGI, Dwann, Finans ak Bank Santral, manm boujwazi sa gen otorizasyon pou kouperache nan Leta liberal la. Yo gen dwann prive, franchiz, kontwòl ekonomik ak finansye peyi a tankou prensip mondyalizasyon an mande, pou se oligachi lokal ou mondyal la ki kontwole ekonomi ak politik peyi yo. Antreprenè fè jefò pou idantifye tout espas Leta genyen pou privize yo pou timonnen anfavè antrepriz ki pi byen plase anndan vant pouvwa a, pou piye resous kolektif yo pou agrandi richès sektè prive a. Kapitalis neyoliberal mondyalis la, se Leta moun ki rich yo k ap egzije rediksyon salè travayè ak diminisyon asistans sosyal ki te konn ride travayè ak malere nan mas popilè yo. Nan sans sa, se militan maksis, ekonomis ejipsyen Samir Amin, ki byen èksplike nati neyoliberal la nan yon grenn sitasyon kote l di: “Mondyalizasyon an se yon povrete ak chomaj striktirèl k ap devlope omilye devlòpman syantifik ak teknolojik nan 21èm syèk la “. An Ayiti, Etazini voye anpil antreprenè ameriken ak yon swadizan paspò ayisyen, pou pran kontwòl ekonomi ak Finans peyi a e okipe tout pozisyon kle anndan ekonomi an. Pou yo pi alèz, yo patisipe ak anbasad ameriken an nan chwa moun ki dwe jere Leta neyokolonyal la. Sepandan, kontrèman ak lòt kote, atitid retrograd oligachi sa ki  chita sou sistèm feyodal e neyokolonyal la, rann sitiyasyon pèp la pi konplike. Ezanp Gaz la, ki ba n imaj yon boujwazi k ap estoke gaz nan dwoum pou vann li atè nan tigalon, ak anbasad ameriken ki deside lanse to echanj pou moun peye dola pa l omepri desizyon Bank Santral peyi a, san gouvènman domèstik la pa entèveni, montre n kouman pawòl Leta boujwa ki ta dwe jwe wòl regilatè nan jesyon ekonomik lan, se boulchit. Donk, moun ki nan pouvwa anndan neyokoloni an, se jiwèt domèstik nan men oligachi a ak ajan mèt neyokoloni an.

Ki sa k dwe fèt, pou n rive konstwi yon altènativ nan plas plan neyoliberal la?

Pwogresis yo dwe konsyan, kouran fachis boujwazi dejenere nou an ak Core-Gwoup la ap tabli nan peyi a depi lontan an, p ap chanje san entèvansyon mas yo. Deklen peyi oksidantal yo, ap pouse yo nan atitid kriminèl sa dejou anjou. Se pou sa, li enpòtan pou moun ki vle chanjman nan peyi a, akonpaye mas popilè yo nan inisyativ k  ap pran, pou mete kanpe yon gwo òganizasyon politik ki dwe pwopoze yon solisyon demokratik popilè reyalis, k ap mize sou solidarite ak kowoperasyon pou mizanvalè lit popilè yo, k ap gen objektif libere peyi a, nan enterè tout kouch sosyal yo. Kontrèman ak lide ki fè pouvwa parèt kòm posiblite kapte espas Aparèy Leta yo, ki ka yon mwayen nesesè, men non sifizan pou chanje peyi a, pouvwa popilè se mwayen poun rive nan yon sosyete solidè e ekitab. Donk, se pa rive pran kèk plas nan Leta, lide a se mennen aksyon anndan kòm deyò Leta a nan yon pwosesis entegre. Pouvwa, òganizasyon, se mwayen yo, men se kolektivite a ki dwe anklanche chanjman an selon reyalite objektiv yo. Se sou baz politik solid sa, nou ta dwe reflechi sou aksyon chanjman yo. Kòm mas yo se fòs motè, pou yo patisipe nan pwosesis la, li enpòtan pou n mete baz politik nan peyi a pou n diskite ak yo, pwi konsidere kaye revandikasyon yo nan priz desizyon yo. Donk, kòm devlopman lye ak degre egalite moun nan sosyete yo ki baze sou solidarite, libète ak kreyativite, li enpòtan  pou se Leta ki asire byennèt ak distribisyon richès peyi a, kontrèman ak plan neyoliberal la, pou rive nan transfòmasyon sosyete a. Pou sa fèt, pwogresis  yo dwe koumanse nan moman sa, mete yon komisyon politik ki pou travay sou kijan a) rezilta eleksyon dwe bay nan biwo vòt nan depatman yo anprezans votan yo nan endepandans, pou se pèp la ki chwazi moun ki dwe dirije l b) komisyon an dwe detèmine ak ki peyi Ayiti dwe trete avè l selon enterè ekonomik peyi a, ak yon komisyon ekonomik ki dwe chache kouman pou Ayiti pwoteje mache l la pou fasilite pwodiksyon nasyonal la pou bay moun travay, pou Leta pran kontwòl dwann prive, koupe franchiz, pran kontwòl pwodui petrolye yo, mache dechanj lan, kontwole pri pwodui debaz yo ak evalye antrepriz Leta te privatize yo pou rekipere sa k posib e relouvri sa k fèmen yo. Se  pou sa, pwogresis yo dwe travay pou n rive nan yon òganizasyon solid pou ogmante konsyans mas popilè yo, ankouraje yo antre nan mobilizasyon an, pou yo mete men nan rekonstriksyon peyi a. Lachin rekile nan objektif sosyalis la pou l rantre nan yon pwojè nasyonal sosyal, li reyisi san neyoliberalis la. Anpil lòt peyi tankou Larisi, Brezil, End, Endonezi, Ajantin etc swiv tras chinwa yo e sa mache pou yo.

Kidonk, batay oksidan ap mennen kont Ris yo nan Ikrèn nan gen yon fondman ideyolojik. Se batay mèt plan neyoliberal yo k ap piye richès peyi depandan atravè FMI ak Bank Mondyal ki pèdi pye, k ap goumen anfas peyi emèjan yo. N ap remake majorite pèp nan mond lan pran distans yo ak oksidan ni nan kriz Ikrèn ni nan sa k ap pase Taywann nan paske tout moun konnen ki kote enterè yo gad. Oksidan reprezante sèlman 15% popilasyon mondyal la, li pa peze twò lou sou mache mond lan. Kat ekonomik ak politik yo ap rebat, Ayiti dwe souke kò l. Mèt neyokoloni an ki kontwole resous peyi a atravè ajan bankye, finansye ak komèsan l genyen sou teren an, ap jwe tout kat datou l pou kenbe pouvwa Gang domèstik PHTK ki dwe kontinye degrade kondisyon vi popilasyon ayisyen an. Sepandan, si pèp la òganize baz politik nan tout peyi a, bay tèt li fòmasyon ideyolojik ak èksperyans nesesè, l ap anmezi monte gwo òganizasyon nasyonal la, pou pwopoze yon altènativ anfas politik neyoliberal la ak yon pwojè politik altènatif ak sistèm feyodal e neyokolonyal la, pou libere peyi a anba grif “Core-Gwoup ” la ak oligachi lokal la.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here