Plis pase swasanndouzèd tan (72) aprè chèf Pakè Okay la deklare dosye Inite Santral Ransèyman Finansye a (UCREF, nan lang Fransè) al jwenn Dwayen Jocelyn Lucien, tout je branche sou Palè Jistis Okay la pou konnen ki jij enstriktè ki pral genyen pou mennen dosye akizasyon krim finansye sa ki sou tèt ansyen komisè Ronald Richemond.
Okay, samdi 25 oktòb 2025
Premye dosye koripsyon ak blanchiman lajan sal nan jiridiksyon Okay la sanble pa twò entèrese otorite jistis yo nan 3zyèm vil peyi a. Daprè enfòmasyon radyo Montagna jwenn nan grèf TPI Okay la, Dwayen Lucien nan dat vandredi 24 oktòb 2025 sa a, malgre prezans 2 ansyen jij enstriktè rekondui epi sèmante madi 22 oktòb 2025 pase a, nan Palè jistis la, dosye koripsyon an ki enplike ansyen jal komisè Ronald Richemond pako gen okenn jij enstriktè deziyen sou li, 3 mwa aprè UCREF fin transfere dosye a bay chèf pousuit jiridiksyon an, Pierrewilner Dormevil.
Nan diskou Dwayen Jocelyn Lucien nan kad seremoni prestasyon sèman sa a te dklare : « se pou nouvo jij yo mete yo sou travay vit paske gen twòp dosye k ap tann ». Men Kisa ki fè administratè TPI a ap trennen ak chwa li a?
Daprè yon praktisyen andwa sanble pa gen twòp mache prese pou dosye sa ta jwenn konpetans oubyen 2 Majistra rekondui yo nan Tribinal la gen twòp kòkòday ap prezime kriminèl finansye a, p ap asepte kondui ankèt la vin jwenn Majistra Jean Michel Sëide fè Pwomosyon epi transfere Kòm Dwayen nan jiridiksyon Jeremi an. Kou anpil lòt dosye kriminèl, daprè mèt avoka a, dosye blanchiman lajan sal sa a ap ret dòmi nan grèf Tribinal la si l p ap tou mouri nan tiwa.
Nou ap raple, dènye lane sa yo, sitwayen yo nan plizyè komin Depatman Sid la pa sispann tande non zotobre, ajan kou fonksyonè isit non yo ap site nan tranzaksyon louch. Kit nou Lopital Jeneral Okay la, Direksyon Sid-MENFP, DGI, Lameri, Pakè, OAVCT, Direksyon Sid- MTPTK, elatriye men Inite k ap Lite kont Koripsyon (ULCC) nan Sid pa fè yo ka. E si l ta pase sitwayen yo pa okouran ki suivi ki fèt sou yo.
Pou jan koripsyon ap kangrennen enstitisyon yo toupatou nan peyi a, lajistis te dwe pi anbranl ak dosye sa yo, trete yo pou pèmèt tout moun ki patisipe kòm kòwonpi, koriptè nan dilapide byen komen yo pini epi sezi byen san swe yo te fè yo.
Kou anpil dosye ki ansoufrans, prezime enplikasyon ansyen jal komisè Ronald Richemond Kòm moun k ap lave lajan sal nan divès aktivite louch tankou zangi sanble ap ret sou pay vèt jouk pou l ta disparèt nan lopinyon.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM















