Okay, 20 oktòb 2023

Eskadwon lanmò nan komin Tibiwon, depatman Sid, kidnape yon sitwayen depi madi 17 oktòb 2023 pase a, daprè yon sous ki enfòme sal nouvèl radyo Montagna, jodi vandredi 20 oktòb 2023.

Daprè sous la ki vle non l site, kidnapè yo te mande anpil lajan pou yo ta libere l viktim nan. Men aprè yon premye antant, fanmiy « Ti Lagè » ensikoni deja bay yon premye pati men viktim lan toujou ret nan men kidnapè yo.

Daprè enfòmasyon yo, viktim lan ki gen ti jwèt non li Tilagè rekonèt anpil nan zòn lan kòm izirye, plantè, te nan jaden l lè bandi ame yo debake sou li epi ale ak li.

Nan dènye jou sa yo, anpil moun kite lakay yo Tibiwon pou chape poul yo anba egzaksyon pil nèg ame jouk nan dan sa yo ki menm ranplase Lapolis nan kominote a. Yo bat, arete, touye moun jan yo pi pito san okenn kontrent.

Nou ap raple nan lokazyon relouvèti tribinal yo nan jiridiksyon Koto a nan dat premye semenn mwa oktòb 2023 a, Dwayen jiridiksyon sa a, jij Gérald Exantus te denonse konivans komisè Gouvènman Koto a, mèt Closel Valès, pitit komin lan ak nèg ame yo.

Pou jan bandi ame yo ap deplòtonnen kò yo nan 4 seksyon kominal plis sant vil la si Lajistis ak Lapolis pa demantle yo, tout Depatman Sid la ka viktim zak Kriminèl yo pi dri.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here