Nan yon bis ki asire transpò Okay-Pòtoprens, bandi ak zam k ap opere nan Matisan leve 2 moun bò 2 zè nan apremidi  madi 2 me 2023 a. Yon zak ki ogmante kantite viktim nan Matisan depi apre lansaman operasyon bwa kale a ki anpeche bandi yo pran lari pou leve moun san kè sote.

 

Okay, 2 me 2023

Bandi nan Matisan kidnape bòz 2 zè apremidi 2 me 2023 a ,  2 pasaje nan youn nan bis Transpò Chik ki asire transpò Okay/Pòtoprens . Bis la te kite vil Okay bò 7h30 yo maten an , men te pral pran nan yon gwo blokis nan zòn Fondènèg akòz elèv lise ki t ap manifeste kite bloke wout la ki lakòz bis la te pran tan sou wout la, dapre yon pasaje kite nan Bis la. Selon sous nou an bandi yo aji ak presizyon sou youn nan sib yo. Sa ki montre yo gen antèn swa nan estasyon Bis yo oubyen nan Bis yo k ap enfòme yo sou ki moun pou yo leve.

 

Viktim yo se yon jenn gason ak yon granmoun fanm ki sanble se yon misyonè  etranje. Bandi yo te mande misyonè a  pou li pran valiz ki gen laptop e yo te konnen konbyen valiz li te dispoze.  Anndan menm bis la te gen yon kad nan administrasyon piblik la ki manke viktim anba men bandi yo.

Bandi yo ki depi lansman operasyon bwa kale paka mache leve moun jan sa te konn fè anvan , pwofite ranmase moun k ap travese nan bis nan zòn Matisan an.

Nan mwens pase 2 jou sa fè 4 moun bandi antre pran nan bis k ap asire trajè Pòtoprens/ Okay. Malgre pasajè yo deja peye dwa pasaj yo jan APCH egzije l sou pri tikè a men aksyon sa a montre aklè se chans sitwayen yo ap pran nan vwayaje sou wout sa a.

RTM

Foto: Facebook

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here