Nan komin Tòbèk, zòn Valè, plis pase 2 moun blese anba bal vòlè ame ladan yo yon jenn gason, Aladin Fred ki resevwa bal nan tèt, nan yon eta kritik, daprè yon sous ki enfòme radyo Montagna.

 Jedi premye out 2024

Daprè enfòmasyon yo, aksyon sa rive nan moman vòlè ame yo t ap piye yon boutik nan mache Valè a bò 4trè konsa, jodi jedi premye out 2024 la epi louvri kout zam pou yo ka kite zòn lan sou moto.

Viktim yo pran bal nan vant ak nan tèt. Sıla a ki pi grav la se Aladin. Li nan lekòl Wesleyèn de Mahot nan klas Nouvo Segondè 4 (NS4) k ap prepare l pou l al konpoze nan egzamen bakaloreya k ap demare lendi 5 out 2024 k ap rive la.

Zak kriminèl sa a twouble lapè sitwayen yo nan komin lan kou rès depatman Sid la.

Nan dènye mwa sa yo, bandi ame pa sispan blese kou sasinen moun toupatou nan jiridiksyon Okay la: Kanperen, Tòbèk, Disis, Fèm Leblan pou nou site zòn sa yo. Zak yo k ap repete dri dri montre nan ki nivo ensekirite ap ògmante nan depatman Sid la.

 

Daprè chif yo, omwen gen plis pase 4 moun bandi asasinen nan jiridiksyon an pou semèn sa. Si Pakè jiridiksyon Okay  la pa double vijilans kou Lapolis, zòn sa yo ap tounen tèrirwa pèdi nan depatman Sid la.

 

Yon lòt kote, Vaneson Amazan, 24 lane, se nom jenn gason sa a kout loray aprèmidi premye out 2024 la frape nan zòn Laporte, 6zyèm seksyon Boulmier komin Okay. Pou jan loray ap touye moun pası pala nan peyi a dwe atire atansyon Leta pou enfòme sitwayen yo sou konpòtman yo dwe adopte pou fenomèn natirèl sa a pa kontinye pote lavi yo ale.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here