Sant Vil Okay sou chòk aprè konfimasyon lanmò, bò 6zè 25 konsa nan aswè, Riginald Clifford Lacausse aka ti Regi vòlè ame te blese ak bal byen bonè maten dimanch 3 desanm 2023 a bò 2 zè konsa daprè sa yon manm baz Vèkèlè a deklare bay sal nouvèl radyo Montagna.

 Okay, lendi 4 desanm 2023

Daprè enfòmasyon yo, viktim lan te chita nan baz « Vèkèlè» a ki nan pwent ri Oksilis Foujèr a lè mesye ame yo te vin vòlè yon moto. Si nou kwè sous la, Ti Regi ta fè rezistans ak bandi yo ki pa t ezite tire l epi ale ak moto a.

Malgre Reginald Lacause te sibi yon premye operasyon, men sitiyasyon l te vit ap konplike jouk li rann dènye souf li. Viktim lan mouri kite madanm ak yon ti gason anba zaj.

De jou anjou, sitiyasyon sekirite a ap vin pi anvlimen nan vil Okay kote rezo vòlè moto nan men sitwayen yo aktive pasi pala nan komin lan. Se pa mwayen pou fè patwouy Direksyon PNH- Sid la pa genyen lajounen jodi. Ajan yo gen plizyè machin « pick up » zo reken kou motosiklèt yon pa kou pli lòt kò ame ki dèyè do otorite yo nan vil la tankou Lameri, Pakè ak Delegasyon. Kisa ki fè malgre prezans yo, ka brakaj ak asasinay yo pa sispann repete nan sant 3zyèm vil peyi a kou ozalantou l?

 

Yon lòt kote eskadwon lanmò nan zòn kòt la fè bal chante nan komin Tibiwon kou Lèzanglè samdi 2 ak dimanch 3 desanm 2023 a. Yo asasine yon moun epi blese lòt ak bal kout manchèt epi kidnape 2 moun kèk èdtan aprè otorite te pwomèt Lapolis ap vin pran kontwòl zòn lan ki lage depi plizyè mwa nan men eskadwon lanmò sa yo ki jije, arete, bat epi touye sitwayen yo lè yo deside. Si otorite yo pa jwe byen epi vit, anpil lòt komin Depatman Sid la ap « tèritwa pèdi » pou nou repete pawòl iresponsab Minis Jistis defakto a, manzè Emmelie Prophète Milcé.

https://radiotelemontagna.com/bandi-san-fwa-ni-lwa-kidnape-yon-sitwayen-nan-komin-tibiwon/

Nou ap raple, vandredi 1 desanm 2023 a, Ministè Lajisti plase Majistra Watson Azor ki te sibtiti nan jiridiksyon Okay la kòm nouvo komisè anchèf pakè jiridiksyon Koto a nan plas ansyen komisè Closel Valès klamè piblik kou otorite lokal yo akize l kòm moun ki nan tete lang ak malfra yo.

 

Max – Imbert Marcelin

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here