Pandan tout popilasyon an atravè 10 Deptaman jewografik peyi a pran lari pou denonse grangou, lavichè, ensekirite, rate gaz ak depa Premye Minis Prezidan defakto Ariel Henry nan tèt peyi a, Primati a soti yon nòt nan dat 7 septanm 2022 a pou anonse chèf gouvènman an k ap kite peyi a pou al patisipe nan yon rankont travay ak divès antreprenè nan eta Florid ki enterese pou vin fè zafè nan peyi Dayiti nan yon moman kote majorite antrepriz ap kite peyi an akòz ensekirite. Nan kad yon mesaj pre anrejistre ki pibliye nan lannuit dimanch 11 septanm 2022 an, Ariel Henry anonse li pral moute priz gaz la pandan tout moun t ap tann bilan sou diskisyon ak antreprenè yo.

 

Okay, 13 septanm 2022

Dimanch maten 11 septanm 2022 pase a, Laprimati te anonse nan yon nòt, Premye Minis defakto a, Ariel Henry, pral pale ak popilasyon an bò 7 tè nan aswè sou sityasyon peyi a. Menm jan sa toujou fèt lè yo pral pran yon desizyon kont popilasyon an oubyen bay rezilta eleksyon chanpwèl, se apre 5 èd tan mesaj anrejistre sa te pral difize sou antèn Televizyon Leta a, TNH. Chèf gouvènman defakto a montre li pa okouran popilasyon an nan lari ap manifeste pou move lavi, l ap pran bal nan men lapolis ak bandi ame kontante l pito pou l anonse nan yon tan tou kout, pouvwa l ap dirije a, pral ogmante pri gaz nan ponp yo.

 

Anpil moun te etone wè Prezidan premye minis la ki jis voye pwen sou moun ki di envestisè p ap vini nan peyi a nan mesaj pre anrejistre a san li pa di ak kiyès li te rankontre, ki pwomès yo fè l, nan ki domèn yo enterese pou envesti, kilè y ap ateri nan peyi a? Deja anpil moun pa t janm kwè nan nòt Laprimati ki te anonse PM Ariel pral rankontre ak envestisè etranje nan yon kontèks si konplike kote anpil antrepriz ki pa mare sosis yo ak gang ame yo oblije fèmen pòt yo pou al relanse nan lòt peyi sitou nan Repiblik Dominikani. Anpil moun ap poze kesyon eske se te yon rankont pou diskite sou kreyasyon biznis piske se ak ogmantasyon pri gaz la PM nan tounen.

 

N ap raple majorite fwa y ap monte gaz oubyen fè ajisteman bidjetè nan peyi a se Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Mondyal elatriye ki toujou dikte Leta Ayisyen ki sa li dwe fè. Nan lane 2018, gouvènman ansyen prezidan defakto asasinen an, Jovenel Moïse, ki te deside reponn ak kapris enstans sa yo nan monte yon bidjè kriminèl ak ogmante pri gaz la. Sititasyon sa a te pral debouche sou premye mouvman peyi lòk nan dat 6 ak 7 jiyè kote peyi a te femen pandan plizyè mwa. Aktyèlman lari Pòtoprens lòk , okenn moun pa ka pran direksyon lòt depatman yo depi apre anons Premye Minis Ariel Henry a ki anonse nan yon ti bout tan yo pral ajiste pri gaz la.

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here