Ayiti-Manifestasyon-. Yon bon pati nan Vil Okay te lòk pandan jounen lendi premye dawou a, nan kad 3 jounen mobilizasyon kont move lavi nan depatman sid la.

 Sant Vil Okay ak ozalantou tankou wout Ayewopò, Kans, Vènè konnen yon jounen mouvmante nan kad  premye jou seri 3 jounen grèv sendika chofè machin rache pwèl yo lanse sou ekstansyon ki pote non aks 213 wout nasyonal # 2 -pont Laravin pou bout Ansdèno- ki nan yon move eta, kont gaz yo pa jwenn nan ponp yo ak pou rele anmwey kont pri pwodui yo ki pa sispann monte nan depatman Sid la.

Okay, 1 dawou 2022

Byenbonè nan maten, radyo Montagna konstate, okenn machin pa sou plas nan estasyon : Tòbèk, Anikè, Chantal, Pòsali kou rès zòn kòt la lendi premye dawou 2022 a. Se moto ki t ap asire transpò a. Nan plizyè kwen, popilasyon an te leve jwenn plizyè kawotchou ki t ap boule pasi pala nan vil la. Sitiyasyon sa a pa te pran tan pou l te jeneralize kote wout bare ak gwo wòch, branch bwa, liy kawotchou ap boule, pankat kanpe nan lari, ladan yo nou li “Aba lavichè”, “Parese leve pou w al fè grèv”, anpeche sikilasyon an fèt. Lapolis bò kote pa l nan eseye debloke kèk kote simaye bal, voye gaz lakrimojèn, moleste kèk sitwayen pou te fòse yo vin debloke lari a. Pakè Okay li menm te anbandisyon nan lari a tou pou te mande debarase wout yo kou tire kout bal daprè kèk temwen ki pale ak nou.

Mouvman sa a te gen gwo enpak sou mache yo: Kay Fè ak Lerelè te fonksyone oralanti. Administrasyon piblik la kou gwo kòmes la fèmen pòt yo, Bank yo kou mezon transfè yo te fonksyone ak pòt mwatye fèmen.

 

Mouvman planifye sa a rive fèt 2 mwa aprè 3 minis gouvènman rejim PHTK elaji a te vin negosye ak chanm komès ak Endistri (CCI) ak Asosyasyon Pwopriyete Chofè Ayisyen yo (APCH) nan Sid pou te mate mouvman debloke Matisan an 4 depatman te lanse kèk èdtan anvan mouvman te demare, premye jen 2022 pase a.

Pou reprezantan sendika chofè machin rache pwèl yo k ap travay sou pwolonjman wout nasyonal la # 2 a, Chavane Joseph ki reponn kesyon RTM, di li satisfè ak jan popilasyon an ranmase revandikasyon yo. Sitwayen yo dwe rete mobilize pou fòse otorite yo pran responsablite yo. Li rapousib pou di, twòp moun mouri nan aksidan sikilasyon sou wout la nan evite twou, machin yo fin dekonstonbre pa pale pou pyès machin ki monte disèt wotè, fòk gen yon mo. Etan l ap swete pou lòt 2 jou grèv yo pase menm jan li voye yon mesaj bay chofè lòt sikwi yo : Kavayon, Senlwi, Aken, Miragwàn ak kapital la pou pote kole. Pwoblèm lan se pou tout moun k ap soufri. Depi pa gen yon solisyon, y ap pase yon lòt vitès.

 

Pou jan sitiyasyon ensekirite a ap degrade chak jou sou tout pwen : kidnaping vin pi grandyoz, asasinay se chak jou, lavichè, yon grangou bayawonn… sitwayen yo ta dwe nan lari a chak jou ap chache jwen pou eklate sistèm ibrid sa a k ap pete fyèl twaka moun nan peyi a.

 

Maks- Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here