•  3 jen 2022

Nan yon tèks Gwoup Refleksyon – Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen (GR- FPSPA) mete deyò, mèkredi premye jen 2022 a, -radyo Télé Montagna gen yon kopi-, bay pozisyon yo sou seri atik jounal etazinyen an : New York Times ekri sou “ Dèt Ledepandans lan” orijin malsite peyi Dayiti.

Pou gwoup FPSPA a, pa gen twòp bagay ki di la istoryen ayisyen kou etranje yo pa te di sou aksyon peyi enperyalis yo tankou Lafrans ak Etazini sou peyi a. Sèl bagay, atik sa yo pote diplis bay gran piblik la sou rezon ki lakòz peyi a dekonstonbre aprè pi gwo batay li yo:,1971, 1804 pou l te kase ren sistèm esklavaj la pou tabli filozofi nasyon an: “Tout moun se moun, nanpwen moun pase moun”.

Se depi lane 1825 kolon yo sèvi ak pouvwa antinasyonal yo pou definfware peyi a, lajounen jodi li pi grav. Paske responsab yo montre aklè se ak rimòt kontwòl reprezantan pisans enperyalis yo ap telegide yo jan sa ap fèt ak gwoup sendika “Kògwoup la”.

Pou Fowòm lan, Kògwoup la se yon obstak pou peyi a. Misyon yo se “Detwi peyi a ak tout moun ladan l”. Pou rezon sa yo ak lòt, sitwayen yo dwe estomake douvan tout pwojè malouk kògwoup la soti nan kesyon chanje Konstitisyon peyi a, monte fo òganizasyon poupetwèl, federe gang yo oubyen gwoup eskadwon lanmò Leta a, chanje kòd penal la, lwa minyè, elatriye. Batay kont kògwoup la selon GR- FPSPA an se premye pa pou Ayiti jwenn reparasyon.

Max- Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here