Ayiti- Sosyete : Asanble Pèp Karayib, 9vyèm edisyon, Ayiti te byen reprezante.

Okay, 11 jiyè 2022: Se nan prezans plizyè otorite pwovensyal nan Santiago- Kiba, aktivite pou demare 9 vyèm Asanble pèp Karayib yo te pral koumanse nan Palè Enfòmatik la. Se antotal 11 peyi nan rejyon Karayib la ak Amerik Latin lan ki te reponn prezan pou patisipe nan 9vyèm Asanble Pèp Karayib yo (APK) soti 4 pou rive 7 jiyè 2022 pase a, nan vil Santiago peyi Kiba, sou tèm: Kilti, Rezistans, Souvrènte ak Revolisyon. 

Se atravè yon rankont sou anti enperyalis ak anti kolonyalis  vityèl e prezansyèl  sou tèm : « “prensipal defi pou pèp nou yo”. Kreye espas kòdinasyon pou konvèjans ak koyerans inisyativ ak aksyon nou yo », 9 vyèm APK a te pral demare yon fason pou te fasilite plis pase 135 moun ki pa t ka prezan fizikman nan Asanble a bay kontribisyon nan diskisyon yo yon jou anvan lansman ofisyèl la. Nan sal la te gen yon 50tèn patisipan ki te la. Se te yon moman pou diferan entèvenan yo kit sa kite nan sal la kit sila yo ki te sou platfòm zoom fè yon bilan sou dega sistèm kapitalis mondyal la nan karayib la ki enplante yon veritab laboratwa pou enplante pwojè yo, yon  mendèv bon mache.  Yo denonse jan enperyalis ameriken an kontinye ap mete blokis sou peyi Kiba ak Venezuela epi fè enjerans politik nan peyi Dayiti . Peyi karayib yo p ap janm ka soti si pa gen solidarite ant diferan pèp yo pou fè fas ak sistèm kapitalis la ki chita sou represyon. Premye jounen an te fini ak inogirasyon «la Maison de Porto-Rico (Kay Pòtoriko) », yon inisyativ brigad solidarite Pòtoriko ak Kiba, kote tout delegasyon yo te prezan.

Madi 5 jiyè jounen an te demare ak yon vizit gide nan simityè Santa Ifigenia pou te rann yon gwo omaj ak diferan grandèt fondatè nasyon Kiba a: José Martí, Carlos Manuel de Géspedes, Mariana Grajales, ak  Fidel Castro Ruz.

Delege yo te pran direksyon salon vitral ki sou Plas revolisyon an ki pote non youn nan gwo konbatan pou endepandans peyi Kiba, Antonio Maceo Grajales, kote lansman ofisyèl la fèt apre yo te fin depoze yon bouke flè devan flanm ki imòtalize ewo sa a.  Otorite pwovensyal vil santiago yo akeyi delegasyon yo epi Camille Chalmers manm kòdinasyon rejyonal la ki soti Ayiti yon lòtbò te lanse mo byenvini ak diferan delegasyon yo.

 

Premye konferansye a, Nancy Moréjon pale sou tèm asanble a : Kilti, Rezistans, Souvrènte ak Revolisyon. Li chita mo kle sa yo nan kontèks aktyèl la kote diferan peyi nan Karayib la menm jan ak rès mond la ap fè fas ak kriz kovid la pandan kapitalis la ap pwofite pou fè plis lajan pou anrichi tèt li. Se yon bon moman pou gen plis alyans ki pou kreye nan mitan peyi Karayib yo pou fè fas ak sistèm anplas la ki nan gwo kriz san li poko konnen kouman l ap soti.

 

Camille Chalmers te prezante soutèm « Karayib : espas rezistans » nan non  delege peyi Repiblik Dominikèn ki malerezman pat ka prezan akoz difikilte.  Kandis Sebro pou Trinidad e Tobago, te pale sou “Karayib : Kilti Rebelyon” epi Kiba te prezante soutèm « Karayib Motè Pwosesis emansipasyon ».  Camille Chalmers te montre kouman malgre gwo presyon enperyalis la, peyi Karayib la yo pa janm sispann goumen pou yo lib ak endepandan. Yo pa janm sispann goumen kont okipasyon, enjerans, rasis elatriye. Rezistans pèp endijèn nan, revolisyon ayisyèn nan ak  kibèn nan  , Babad ki goumen jiskaske yo endepandan san bliye Pòtoriko, Matinik, Kiraso k ap kontinye goumen , montre pèp karayib yo se yon pèp rezistan. Li klè kapitalis la divize karayib la an plizyè lang , men APK a se yon veritab zouti pou inifye karayib la nan rive kreye yon lang komen pou fasilite kominikasyon ant diferan pèp yo.  Se prèske menm mo yo pou reprezantant Trinidad e Tobago a ki te montre kouman mawonaj sete yon eleman enpòtan nan kad liberasyon pèp yo sitou nan ka Ayiti ki fè premyè revolisyon pèp nwa kont esklavaj. Premye abitan yo tankou Tayino, Endyen yo te mouri pa pil men batay la te pran tout fòm li epi toujou kare nan Karayib la.

Endepandans Ayiti se yon egzanp vivan pou tout lòt pèp yo.  Lit pou emansipasyon ak eliminasyon ejemoni oligachi entèn ak ekstèn peyi Kiba a gen yon syèk anreta parapò ak lit pou lendepans lan. Se rezon pou lit pou jistis sosyal, reparasyon esklavaj la, lit pou otodetèminayon peyi karayib yo fas ak pisans kolonyal ewopeyen yo ak ameriken yo kontinye fè wout li. Revolisyon Ayiti a se premye pa pou egalite ak solidarite Amerik latin ak tout rès mond lan, revolisyon kiba nan lane 1959 se senbòl kontinite lit diferan peyi  karayib yo ap mennen pou libète ak souverènte yo, dapre entèvenant kiben an.

Piblik la te pote kontribisyon yo nan patisipe nan deba yo sou pwoblèm ak potansyalite Karayib la e kouman yo dwe òganize batay la pou fè fas ak fòs opresyon yo. Plizyè delege te pran lapwòl. Jounen an fini ak patisipasyon yo nan festival karayib la nan “defilé des serpents” sou plas Marte nan pak Géspedes.  Aktivite sila se yon defile kanavalès ki fèt chak lane ,gen plizyè peyi ki reprezante pami yo Ayiti.

Mèkredi 6 jiyè a, deba yo se te chita sou plizyè soutèm tankou : « Lit pou konkèt souverènte ». Se reprezantan Pòtoriko , Matinik ak Kiraso ki te pran lapawòl , « Karayib : espas pwopozisyon pou yon mond nouvo », reprezantan Ayiti ak Babad te pran lapawòl. Yo te pale sou plizyè eleman nan batay pou souverènte nan nivo Karayib la sitou nan nivo lagoch. Apati lane 1959, 1960 gen plizyè peyi Anglofòn ki rive jwenn yon sètèn otonomi nan men peyi Angletè ki kontwole peyi sa yo.  Festival jenès nan peyi Kiba nan lane 1979 pral chanje anpil bagay nan peyi anglofòn yo, gwo rankont sou dèt ekstèn nan peyi kiba kote Fidel Castro Ruz te pral egzije eliminasyon dèt peyi Karayib yo fè pou devlope zòn yo, batay kont zòn lib echanj nan karayib la se yon ansanm eleman ki make batay pou souverènte nan Karayib la. Pou pwopozisyon yon lòt modèl echanj nan nivo karayib ak amerik latin nan , pwopozisyon fon bolivaryen Hugo Chavez te pwopoze pou fè fas ak ZLENA ( Zòn Lib Echanj Nò Ameriken) nan peyi Meksik se te yon gwo bagay. Nesesite pou kreye yon gwo mouvman nan Karayib la pou fasilite entegrasyon mouman sosyal yo, entegre jèn  radikal yo, mouvman fanm yo, menmjan anpil peyi amerik latin tankou : Brezil, Chili, Kolonbi, Bolivi fè sa. Y ap rive pote viktwa nan Karayib la si yo travay ansanm. Atelye travay jounen an te reyini sektè sendikal, fanm , peyizan , jèn ak entèlekstyèl pou debat ak fè pwopozisyon pou 2 lane k ap vini yo atravè deklarasyon final la.

 

Denyè jou an kise jedi 7 jiyè a te konsakre jounen solidarite ak peyi Kiba epi rann omaj ak ekriven kiben Nicolás Guillén ak Jacques Stephen Alexis ki t ap fete 120 ak 100 lane yo.

N ap raple Asanble pèp Karayib la fèt chak 2 lane , peyi dAyiti te dwe resevwa 9 vyèm Asanble a nan lane 2021 nan vil Okay. Men akòz tranblemantè 14 dawou ki te frape Gransid la randevou sa a pat posib. Lane sa a ankò se madoulè  ensekirite ki ap fè raj depi plizyè mwa nan peyi a ki lakòz asanble a pa fèt nan peyi a, se Kiba kite jwenn chans òganize l. Malgre absans kèk peyi , dewoulman APK a te yon gwo reyisit. Diferan delegasyon yo te soti satisfè. Delege yo bay randevou nan 2 lane pou 10zyè asanble a reyalize nan yon peyi yo poko deside.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here