Aprè viktwa seleksyon Nasyonal Ayiti a sou peyi Nikaragwa 2 – 0 nan peyi Naso Bayamas, madi 18 novanm 2025 lan, plizyè milye moun pran lari nan kèk gwo vil peyi a pou selebre viktwa sa a.

 Ayiti, mèkredi 19 novanm 2025.

Sant vil Okay kou lòt zòn tankou Jeremi, Okap, Gonayiv, Pòtoprens pou site sa yo sèlman pa t pran tan pou mete bann rara yo deyò, pete bal kou fedatifis ak fè gwo bri aprè kout siflè final gany seleksyon an ki jwenn kalifikasyon li dirèk pou ale patisipe nan faz final koupdimond 2026 la k ap fèt nan 3 peyi nan Amerikdinò a: Etazini, Kanada ak Meksik.

 

Nan gwoup sa, sispens lan te kenbe. Grenadye yo te oblije tann kout siflè final match Kostarika fas ak Ondiras anvan yo te selebre kalifikasyon sa ki rive ekzakteman 51 lane aprè premye patisipasyon peyi a nan faz final mondyal 1974 la nan peyi Almay.

 

Nou ap raple, Ayiti pa jwe okenn match nan faz eliminatwa sa a nan peyi a akòz egzaksyon eskadwon lanmò yo ki okipe anba lavil Pòtoprens kou lòt Komin depatman Lwès la, depi plis pase 3 lane. Dènye fwa seleksyon Nasyonal la te woule balon won nan estad Sylvio Cator/ Silvyo Katò a se te nan lane 2021.

 

Pou yon 2zyèm fwa, peyi a ap tann kou zòn KONKAKAF la Kisa reprezantan yo a pral remèt nan mondyal 2026 sa a. Èske li ap rive pase premye tou a? Ki lòt jwè Federasyon Foutbòl Ayisyen pral chache pou ranfòse ekip la pou yon pi bon patisipasyon l kou fè jwè yo gwo pwomès pou ankouraje yo?

 

Grenadye Alaso! Se eslogan sa a fanatik espò wa a p ap sispann klewonnen pou pouse Grenadye yo nan konpetisyon espò sa a kote chanpyona nasyonal la se konpetisyon espesyal. Enfrastrikti espò yo menm alagraba malgre pil lajan ki banbile nan trezò piblik la pou fè estad sa yo sou rejim tèt kale premye vèsyon an ak Olivier Martelly kòm mayestwo.

 

Pou evènman espòtif sa a se yon total 48 peyi olye 32 Ki pral twoke kòn yo pou 104 match soti 11 jen pou bout 19 jiyè 2026 k ap rive la.

Nan kalifikasyon istorik sa a gen 2 bagay ki parèt: pou youn, se ra fwa kèk antrepriz nan swadizan sektè prive a enplike yo nan aktivite foutbòl nan peyi a epi sanble se premye fwa yon peyi resevwa tout match li yo deyò lakay li -andeplasman- men rive retire tikè li pou faz final mondyal la san sipò piblik li.

 

Max – Imbert Marslen (Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Foto: CONCACAF

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here