Ayiti-Pwotestasyon : Aprè fo pa komèsan Okay yo nan fen mwa me pase a, plizyè santen sitwayen manifeste kont ensekirite nan vil la.
Okay, 26 jen 2022
Ak yon bandwòl nou ka li : « Nou p ap bay vag, debloke Matisan. Aba lavichè, ensekirite pwograme a. Viv yon Depatman Sid ekonomikman Endepandan » kèk santèn moun nan polilasyon Okay la manifeste, bò 11zè konsa, dimanch 26 jen 2022 a, daprè konsta Radyo Montagna.
Demaraj manifestasyon an pa t fasil nan pwent ri Monsenyè Moris la ak Estenyo Vensan an. Byen bònè, diskisyon yo te anime ozalantou plas dam Okay la ant fanatik pati politik òganizatè yo: Ayiti An Aksyon(AAA) , òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL) ak kèk grenn militan ki kont prezans sèten lidè nan klas politik tradisyonèl la. Pou pwotestatè sa yo Youri Latortue dirijan AAA a, Arnel Belizaire pa gen plas yo nan manifestasyon an. Senatè Latortue gen rejyon Latibonit li se la pou l rete. Poutan, lòt panse, pwoblèm peyi a se pwoblèm tout moun ki konsyan. Pwoblèm peyi a ap viv la dwe pouse sitwayen yo leve kanpe. Pou gwoup sitwayen sa yo, depi se kont grangou, kidnaping, move lavi, chomaj … yo ap reponn prezan nan pran responsablite yo. Yo ap mache pou yo voye yon siyal ak sila yo ki te al negosye lavi yo ak 3 minis gouvènman defakto Ariel Henry a.https://radiotelemontagna.com/ayiti-grev-kout-gidon-nan-mouvman-grev-komesan-gran-sid-yo-ak-sendika-apch-la/
Aprè anpil pawòl, ansyen Senatè Sid anba banyè OPL, Jean – Marie Junior Salomon make prezans li kou reprezantan AAA rejyon an Dimy Menelas ak lòt pran tèt mach kont ensekirite tout kalite a. Manifestan yo plonje nan pi gwo katye popilè komin lan, akonpaye ak yon bann rara, yon machin son anvan yon lòt bann te rejwenn yo nan pwent ri Pwospè Fò ak Andèsin Douyon. Yo tounen sou Divivye Hall, premye gran ri, vire nan ri Tousen Louvèti, Kapital, bò simityè, kafou Boye, Katajena, Boulva 4 chemen, tounen sou premye gran ri pou yo al mete fen nan mach la sou plas dam lan bò inè konsa nan aprèmidi.
Bò kote sekirite a, malgre presyon yo ki t ap monte tout bagay te sou kontwòl. Polisye yo te prezan douvan, nan mitan bann lan kou dèye manifestan yo anba je direktè depatmantal la Daniel Compère ki te akonpaye ak direktè annapre a, Pierre Michelet Louis- Jeune. Konpòtman sa a pa t manke pa atire atansyon anpil obsèvatè malgre ti pwoblèm nan pakou a. Polisye yo pa t ak gwo zam fann fwa. Yo te ak baton, boukliye, gaz laktimojèn ak pistolè yo.
Yon reprezantan lokal pati OPL ki pale nan mikwo nou di li satisfè pou jan popilasyon an te vin fè mesaj yo pase. Pou li, se yon apèl ak yon veritab mobilizasyon jeneral ki dwe lanse. Ansyen kandida pou pòs Depite ak Senatè OPL la, Claude Bernard anonse pati li a ap prepare l pou renouvle kad pati a nan kongrè nasyonal pati a k ap fèt nan Depatman Sid la.
Manifestasyon sa a fèt 26 jou aprè Asosyasyon Pwopriyetè Chofè Ayisyen yo (APCH), Chanm Komès Endistri Sid (CCI) ak Rasanbleman Komèsan Sid te likide nan plizyè rankont sispèk mouvman 4 depatman ki te swete bloke zòn gransid la yon fason pou te pouse otorite yo debloke antre Sid kapital la ki anba men eskadwon lanmò mòd Leta reyaksyonè a. Pou te rive mate mouvman sa a, gouvènman defakto Ariel Henry a te voye kad nan Lapolis la ak 3 minis vin ba òganisatè yon te fèy kowosòl ki te delala yo pou repòte mouvman pou 15 jou.
Pou jan sitiyasyon an ap pi difisil chak jou nan kò mas yo, fòk aktè yo mete ti enterè yo atè epi jwenn yon alyans konjonktirèl ki dwe pran lòt fòm pou rive kwape fleyo ensekirite sa ak mòd Leta sa a.
Yon lòt kote plizyè milye patizan ak senpatizan Ansyen prezidan lavalas la, Jean Bertrand Aristide te mache nan laril Pòtoprens jounen dimach la pou mande ak ansyen prezidan an pou vin jere tranzisyon an pou 2 lane. Yon manifestasyon kite soti kafou ayewopò pou al bout devan lakay prezidan aristide nan komin Taba. Patizan ansyen Pè Sen Jan Bosko a yo fè konnen se sèl Aristide ki ka retire peyi a nan twou li twouve li lajounen jodi. Malerezman Garry Philémon, ansyen prizonye politik, pwòch ansyen depite Arnel Belizaire te pral tonbe anba bal moun yo pa idantifye nan delma 29 pandan l t ap soti nan manifestasyon an tou pre kay ansyen depite a.
Maks – Enmbèr Marslen