Ayiti  – Koripsyon-. Direksyon Kès popilè Okay ap likide lokal kès la apre yo te fin fèmen l pou zak koripsyon.

 

Radyo Télé Montagna nan yon kout pye nou fè jodi lendi 26 jiyè 2022 a, nan pwent ang ri Estenyo Vensan ak Oksilis Foujè konstate, 2 mwa 17 jou aprè, afich direksyon kès Popilè Okay la te afiche pou enfòme sosyetè yo kès la relouvri chanje.

 Okay, 26 jiyè 2022

Sou baryè antre ak nan mi lokal kès Popilè Okay la afich la chanje rejis. Ladan l nou ka li, lokal kès la pou vann epi gen 3 nimewo telefòn ki afiche sou li. Youn ladan yo se pou aktyèl prezidan non enstale Kès la, Jean Louis Durand ki pale ak nou. Lè nou mande l nan ki etid nou ka jwenn plis enfòmasyon sou tranzaksyon an, prezidan eli a di direksyon an fè yon kanpe sou vant lan aprè Bank Santral te pale ak konseyè Kès la nan dat madi 14 jen 2022 pase a san bay plis detay. Mande l pouki rezon Kès la ret fèmen, prezidan an kontante l pou l di y ap travay sou sa.PSTS1656

 

Nou ap raple se depi 19 me 2021 pase a sou demand ansyen prezidan Kès la, Jean Remous Elysée ki te mande lajistis vin konstate kouman chèf kès la, Rose Thérèse Séide; kontab la, Sanack Clémenceau; responsab maketing, Jacques Plaisimond; Direktè Kès la, Mathias Bernard ki ta disparèt plis pase 50 milyon goud lajan sosyetè yo nan achte dola vèt. Malgré jijdepè Paul Tarte te kenbe yo nan gadavi komisarya Okay la pou 24èdtan, Komisè gouvènman Okay la, Ronald Richemond pa t jije l enpòtan pou l t mete aksyon piblik anmouvman kont akize sa yo ki mete vwèl nan pye yo kèk jou apre yo te jwenn liberasyon yo. Pou swivi nan lajistis menm, pa gen twòp avanse sou dosye a ki gentan gen yon lane nan men jij Jean Robert Jourdain. Dosye Kriminèl sa a ap panpennen kou pil lòt nan 18 jiridiksyon peyi a.

 

Depi nan lane 1949, kès Popilè Okay la ap fonksyone nan komin lan. 73 lane aprè patrimwàn sa a sou wout disparèt. Petèt se sèl lokal la k ap raple sosyetè yo souvni yo ak Kès popilè Okay la. Dilapidatè yo bò Kote pa yo ap volkannize nan kèk komin depatman Sid la oubyen pati kite peyi a.

 

Ti ekonomi fòse plizyè santèn ti machann, ti anseyan, chany, bòn ka moun, listèl bòlèt… vole tankou yon kout zèklè ak yon pil iresponsab nan yon Leta ki kont peyizan ak peyi a.

 

Maks- Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here